Dènye deklarasyon Prezidan Barack Obama sot’ fè sou kriz Iran an, kote li di Etazini ak rès mond la estomake e outraje devan operasyon sere-boulon gouvènman iranyen an lanse kont opozisyon an, jwenn konpliman, men tou plis kritik, nan Kongrè a.
Pou konpliman yo, pa egzanp genyen John Boehner, (alatèt depite repibliken yo) ki di jounalis yo li kwè Prezidan an pale pi fèm sou dosye a, apre represyon ki fèt nan Teheran kont patizan opozisyon an ki t’ap pwoteste.
“Mwen panse Prezidan an ogmante kritik li kont rejim iranyen an. M’felisite l’ pou sa e nou ta dwe mete plis presyon sou rejim nan toujou.”
Nan yon konferans-pou-laprès Prezidan Obama te bay yè madi a, li te wete chapo devan yon jèn demwazèl peyi Iran, Neda Agha Soltan, ki mouri anba bal, tandiske li pat’ menm nan mitan manifestasyon yo. Imaj asasina sa a, ke moun te anrejistre sou yon telefòm pòtab, choke lemond antye. Msye Obama di se yon gwo lenjistis.
Pandan Komisyon Alokasyon Bidjè nan Chanm Reprezantan yo t’ap voye yon pwopozisyon-lwa devan tout Lachanm nan, pou finanse asistans etranjè ak operasyon Depatman Deta, Demokrat Nita Lowey te eksprime solidarite Kongrè a ak moun k’ap pwoteste nan peyi Iran.
Depite a di menmsi pwopozisyon-lwa sa a pa gen rapò ak evènman ki kontinye ap dewoule apre eleksyon yo ann Iran, nou ta komèt yon gwo erè si nou pa ta eksprime solidarite nou ak pwotestatè k’ap chache libète, nan eleksyon, nan Teheran, sa ki annakò ak prensip demokratik nou yo. Miss Lowey apiye yon amandman ki va ranfòse sanksyon lalwa amerikèn prevwa konsènan sektè enèji a ann Iran. Depite repibliken Mark Kirk apiye amandman an tou.
Li di, “m’panse li trèzenpòtan pou kontribyab ameriken pa soutni yon pwojè ki pral ede Prezidan Ahmadinejad rezoud pwoblèm mank gazolin ni. Weekend pase a la a, nou wè video lanmò Neda, yon jenn fi, nan lari Teheran, e gen apeprè yon douzèn lòt nouvèl, ata sa ki soti nan Konsèy k’ ap dirije peyi a, sou 50 vil kote te gen plis vwa pase votan nan eleksyon an.” Deklarasyon depite repibliken Mark Kirk.
Sa gen prèske 2 semèn depi Repibliken yo ap kritike Prezidan Obama poutèt li pat reyaji ak ase fòs kont sa k’ap pase nan peyi Iran; ebyen, apre konferans-pou-laprès Msye Obama bay yè madi a, nou remake ton an chanje e, tankou nou sot’ tande l, gen plizyè ki felisite lokatè Mezon Blanch la.
Tcheke vèsyon audio repòtaj sa a anwo, adwat paj la.