Accessibility links

Breaking News

Omwen 9 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Tren Nan Washington, DC


Plizyè sekouris ak envestigatè nan Washington, D.C. ap fè rechèch anba debri tren ki te fè aksidan yè lendi a--aksidan ki touye 9 kretyen-vivan e ki lakòz plis pase 70 lòt blese. Majistra kominal Washington nan, Adrian Fenty, ki site otorite responsab yo, di jounalis yo madi "operasyon sekou yo pral kontinye e yo kapab dire tout jounen an". Otorite yo presize aksidan an rive lè yon tren t'al antre nan yon lòt ki te "estanyone" tou prè yon estasyon metro nan rejyon nò Washington, D.C.

Pòtpawòl biwo ki okipe sekirite systèm transpò nasyonal la fè konnen apre operasyon sekou yo responsab yo pral ekzamine bwat nwa tren ki te "estasyone a".


Aksidan sa a rive nan moman gwo trafik yo rele "heure de pointe la" lendi apre midi. Yon tren fè kolizyon ak yon lòt ki te estasyone, toupre lizyè Washington D.C. ak Eta Maryland. Premye nouvèl yo te bay yon bilan 2 mò, men rapidman chif la te moute rive nan 9. Gen blese ki nan yon eta grav.

John Catoe, ki se Direktè Jeneral Depatman Transpò Metropoliten Washington nan, di jounalis yo se yon evènman trajik wòd pòte, e yo pral chache konnen ki rezon ki lakòz aksidan sa a, avèk asistans otorite federal nan Konsèy Nasyonal pou Sekirite Transpò a, NTSB. FBI ap pran pa tou nan ankèt la, dapre yon responsab NTSB ki rele Debbie Kerseman.

Otorite yo di envestigasyon sa a pral afekte sèvis tren pasaje ak tren ki pote machandiz nan zòn sa a, omwen pandan jounen madi a. Chak jou, plizyèn santèn-milye moun pran tren nan Washington pou ya l' regle biznis yo. Dènye fwa te gen yon aksidan grav nan sistèm nan se te an 1982 (sa gen 27 an). Lè sa a, yon tren te deraye pandan yon tanpèt nèj. Te gen 3 mò.

Ou ka koute repòtaj sa a si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG