Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans ak Patisipasyon Fèb Make Dezyèm Tou Eleksyon Pasyèl Pou Sena Ayisyen an


Ann Ayiti Otorite yo fè konnen yon moun mouri nan Sidwès peyi a pandan lese frape ant sipòtè pati politik rival, nan moman elektè yo tap jete bilten nan dezièm tou eleksyon senatoryal pasyèl yo. Sòlda Nasyonzini te konbine efò yo ak Polis Nasyonal la pou garanti sekirite elektè yo nan biwo vòt yo. Temwen fè konnen pat gen anpil elektè ki te fè deplasman an yè dimanch la.

Premye Minis ayisyen an Michèle D. Pierre-Louis te reyaji pozitivman apre li te finn vote nan Potoprens. Li di li fyè pou li akonpli devwa li kòm sitwayen Ayiti.

Bò kote pa l, Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Frantz G. Verret, voye remèsiman bay tout sektè ki te pote kole nan sa li kalifye tankou yon jounen elektoral reyisi. Anmenm tan, Msye Verret kritike responsab pati politik yo ki pat' fè kanpay toutbon pou kandida yo, yon eleman li panse nou dwe konsidere lè n'ap pale de feblès patisipasyon elektora a.

Nan Sidès Ayiti, gen omwen 3 moun ki blese e yon manm KEP a, Ginette Chérubin, te mande yè lajounen pou yo arete plizyè responsab KAZEK li di ki kreye dezòd pou chache gate vòt la.

Nan Ti-Gwav, enkoni badijonnen miray biwo prensipal eleksyon an ak matyè fekal.

Nan Nò peyi a, te gen gwo diskisyon pandan tout yè dimanch la ant patizan 2 kandida ki an lis yo, men sanble pat gen twòp pwoblem apa de sa.

Koute kèk repòtaj sou eleksyon 21 jen an: Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG