Accessibility links

Breaking News

Iran-Eleksyon: Pèp la Pran Lari Malgre Entèdiksyon Gouvènman an /Konfwontasyon ant Manifestan ak Lapolis


Nan Iran, temwen ki nan kapital la, Teheran, fè konnen lapolis anti-emet sèvi ak gaz lakrimojèn,kout-baton e kout kanno-dlo jodi samdi a pou gaye plizyè milye moun ki te sòti pou manifeste kont rezilta eleksyon prezidansyèl 12 jen pase a. Televizyon Leta a rapòte ensidan kote lapolis tonbe nan lese-frape avèk manifestan yo. Depi kèk jou deja gouvènman iranyen an entèdi laprès entènasyonal fè repòtaj sou sa k ap pase nan peyi a; men daprè temwen ki pale ak sèvis iranyen Lavwadlamerik la e ak lòt ajans nouvèl, plizyè milye moun te pran lari pou yo te eseye mete sou pye yon mouvman pwotestasyon ki defye lòd otorite yo pase pou entèdi tout rasanbleman piblik konsa.

Reyaksyon sou sitiyasyon an nan Iran.- Prezidan Barack Obama lanse apèl bay gouvènman iranyen an pou made l mete fen nan tout zak vyolans ak lòt aksyon enjis l ap poze kont pwòp pèp li ankò. Lidè ameriken an pale konsa jodi samdi a aprè nouvèl parèt pou di konfwontasyon chaje ak vyolass dewoule pandan jounen an ant otorite yo ak moun k ap pwoteste nan Iran. Misye Obama mande otorite iranyen yo pou yo dirije non pa avèk fòs gwo ponyèt, men pito ak konsantman pèp la.

Jdesmara@VOANEWS.com

XS
SM
MD
LG