Accessibility links

Breaking News

Washington Demanti Lap Foure Bouch Nan Pwosesis Elektoral Iranyen an


Lèzetazini demanti akizasyon Iran ki di Washington ap foure bouch nan pwosesis elektoral iranyen an. Pòtpawòl Lamezon Blanch Robert Gibbs di prezidan Barack Obama pral kontinye apiye dwa iranyen yo pou yo pwoteste pasifikman san foure bouch nan politik enteryè Repiblik Islamik la.

Gibbs fè deklarasyon sa a apre ministè afè etranjè Iran-an te konvoke anbasadè suis la nan Téhéran (Lasuis reprezante enterè Lèzetazini nan Iran) pou l’ plenyen kont sa li rele “deklarasyon entèvansyonis” Lèzetazini.

Misye Obama te deklare "li gen anpil kè sote konsènan eleksyon konteste yo e konsènan represyon opozisyon pasifik ” otorite yo ap pratike a. Chèf Mezon Blanch lan te di tou li pa nan enterè Lèzetazini pou l' mele nan pwosesis elektoral Iran an, kont teni istwa relasyon amerikano-iranyèn yo.

Yon lòt kote, direktè Ajans Entènasyonal Enèji Atomik-la (AIEA), deklare li kwè Iran ta renmen genyen kapasite pou l’ fabrike zam nikleyè. Nan yon entèviou li bay chèn televizyon BBC, Mohamed EL-Baradei di “li kwè sensèman Iran vle posede teknoloji a pou l' voye yon mesaj pou di “ hey, pa betize avè’m”.

Direktè El-Baradei di li kwè objektif final Iran se fè rekonèt ke’l se yon gwo pisans nan Mwayen Noryan an.

Anbasadè Iran bò kote AIEA a di jounalis yo El-Baradei twonpe l' e ke Iran pa janm genyen entansyon posede zam atomik la.

Diplomat iranyen an di “Iran pa konsidere zam nikleyè a kòm yon avantaj… e’l reyafime deklarasyon peyi li fè deja pou di Iran ap eseye metrize teknoloji nikleyè a nan entasyon pasifik.

XS
SM
MD
LG