Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA sou Nominasyon Ansyen Prezidan Bill Clinton kòm Anvwaye Spesyal LONU pou Ayiti


2 Envite pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la bay opinyon yo sou siyifikasyon nominasyon ansyen prezidan Bill Clinton kòm anvwaye spesyal LONU ann Ayiti. Pami envite yo genyen Doktè Robert Maguire kap travay nan Enstiti Lapè Etazini an, abreje ann anglè USIP; Doktè Maguire ap dirije tou yon pwogram sou Ayiti nan Inivèsite "Trinity" nan Washington, D.C. Lòt envite pwogram Lib Tribin sa a , se Doktè Frantz Antoine Leconte, kap anseye kilti ayisyen an nan "City University of New York."

Nominasyon Bill Clinton kòm anvwaye espesyal Nazyonzini pou Ayiti se yon pa enpòtan pou yon sektè pandan ke lò̀t sektè akeyi nominasyon an ak anpil prekosyon.

Msye Clinton mande peyi donatè yo pou kenbe e ekzekite pwomès yo te fè pou bay Ayiti asistans. Nan deklarasyon ansyen prezidan Clinton fè sou nouvo pòs li a, li di li dispoze ede Ayiti avanse aprè l fin sibi konsekans plizyè move tan.

"Mwen kwè Ayiti, ki pa kapab reprann li depi 4 siklòn te sakaje l youn dèyè lòt ane pase, gen pi bon chans jodi a pou l bliye move moman istwa l depi 35 kan map vizite peyi sa a."

Ansyen prezidan Bill Clinton bay yon konferans de près Lendi kote l fè konnen priyorite l pou Ayiti se devlope yon pibon preparasyon pou pèmèt peyi a fè fas ak sezon siklòn nan pandan lap kore efò gouvènman an ap fè pou kreye travay epi ofri popilasyon an sèvis de baz yo. Msye Clinton di tou objektif li pou Ayiti, se ede ayisyen yo asire pwòp avni yo.

Plizyè aysyen bay opinyon yo nan pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la fè sou nominasyon Msye Clinton nan e envite nou yo reponn plizyè kesyon oditèn n yo te poze.

NB: Koute pwogram Lib Tribin sa a sou lyen ki anlè e adwat atik la.

XS
SM
MD
LG