Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Prezidan Sena a Mande KEP a Fè Plis Motivasyon


Ayiti: Prezidan Asanble Nasyonal la, Senatè Kelly Bastien, mande responsab KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) fè plis piblisite pou ankouraje elektè yo vote nan 2èm tou eleksyon senatoryal yo, dimanch k'ap vini la a.

Korespondan nou Rotchild François,Jr. di nou Misye Bastien lanse apèl sa a nan moman Palman an gen difikilte pafwa pou l' fonksyone, akòz mank quorum.

Pandansetan, yon Komisyon nan Chanm Depite a renmèt rapò ankèt li t'ap fè sou dezòd ki te fòse responsab yo anile premye tou eleksyon senatoryal pasyèl yo nan Plato Santral la.

Korespondan nou Renan Toussaint di nou komisyon an rekòmande arestasyon tout moun ki ta responsab zak kraze-brize pandan jounen elektoral 17 avril la.

Pou w ka koute 2 repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG