Prezidan ameriken an, Barack Obama, eksprime kè-sote l', yon lòt fwa ankò, vizavi eleksyon prezidansyèl konteste Iran yo; sepandan li di li pap fè okenn entèvansyon sou kesyon an. Mesye Obama deklare bay laprès nan Lamezon Blanch madi ke'l genyen enkyetid konsènan sa li rele "sipresyon dwa pou moun eksprime dezakò yo pasifikman nan Iran". Sepandan, li presize ke l' pa vle lese enpresyon lap foure bouch li nan dosye eleksyon repiblik islamik la.
Resyaksyon prezidan Obama a gen pou rapò ak istwa relasyon ant Lèzétazuni ak Iran.
Konsèy Gadyen Konstitisyon Iran an--ki chaje enfliyans nan peyi a--fè konnen madi li pral rekonte kèk nan bilten vòt yo, apre rival prezidan Mahmoud Ahmadinejad yo deklare vòt la se te yon bèl maskarad.
Yon lòt kote, Iran akize Inyon Ewopeyèn nan deske lap foure bouch nan zafè entèn li poutèt Inyon an mande pou yo mennen yon ankèt sou eleksyon prezidansyèl konteste semèn pase a. Madi, ministè afè etranjè iranyen an konvoke yon gwo diplomat tchèk nan Teheran pou l' pwoteste kont Inyon Ewopeyèn nan. Se Republic Tchèk la kap asire prezidans rotatif Inyon Ewopeyèn nan kounye a. Minis afè etranjè Inyon an te mande lendi pou Iran tanmen yon envestigasyon sou skriten an akoz gwo dout ki egziste sou reeleksyon prezidan sòtan an, Mahmoud Ahmadinejad.