Accessibility links

Breaking News

Akò Pataj Pouvwa a Nan Moritani: Yon Viktwa Pou Diplomasi


Nan yon viktwa pou diplomasi e pou efò afriken yo pou yo retabli lòd demokratik la, lidè militè ki sou pouvwa a ak dirijan opozisyon an nan Moritani dakò pou yo mete fen nan kriz politik ki izole nasyon Afrik de Lwès la depi koudeta mwa out ane pase a. Ako sa a / ki se rezilta negosyasyon gouvènman Sénégalè a ak Inyon afrikèn nan te patwone / mete Moritani sou wout “retou lòd konstitisyonèl atravè eleksyon lib e onèt mwa pwochen an.

Akò sa a, kapab sèvi tou kòm egzanp pou lòt nasyon afriken, tankou Madagascar, kote lit politik bloke jwèt demokratik la. Dapre akò Sénégal la, jeneral Mohamed Ould Abdel Aziz--- lidè jent ki te mete ak lòt ofisye siperyè nan lame a pou jete prezidan Sidi Ould Cheikh Abdallahi sou pouvwa a---sispann kanpay li kòm kandida alaprezidans nan eleksyon ki te fikse pou 6 Jen an. Kounye a, vòt la dwe dewoule 18 Juyè e yo atann aske pati opozisyon ki tap pwoteste kont eleksyon an patisipe nan skriten an.

Lòt moun ki poze kandidati li nan kouss la se kolonèl Ely Ould Mohamed Vall---lidè ansyen gouvènman tranzisyon ki, nan ane 2007, te remèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil apre premye eleksyon demokratik ki te dewoule nan Moritani an. Akò Sénégal la prevwa tou fòmasyon yon gouvènman inite.

Lèzetazini bat bravo pou pati yo nan Moritani ki rive jwenn yon konsensus pou rezoud kriz politik peyi a. Ako sa a reprezante tou yon siksè (moun dwe felisite) pou Inyon afrikèn nan e pou pèp Moritani an.

Lèzetazini pral apiye yon fason aktif tout pati ki siyen akò a---ansanm ak efò ki sou pye pou eleksyon mwa pwochen an lib, onèt e kredib.

XS
SM
MD
LG