Accessibility links

Breaking News

Obama-Iran-Pwoliferasyon Nikleyè


Nan yon entèviou li bay chèn radyo-televizyon britanik BBC, prezidan Barack Obama deklare li nan enterè lemond e nan enterè Iran pou Repiblik Islamik la abandonnen anbisyon nikleyè li yo. Mesye Obama di “Iran gen potansyalite pou’l yon peyi pisan e rich; men Iran genyen plis chans wè potansyalite sa a tounen reyalite san zam nikleyè ki kapab deklanche yon kouss zam atomik nan rejyon an”.

Prezidan Obama ajoute Iran “genyen preokipasyon enèjetik lejitim menm jan li genyen aspirasyon lejitim”. Kesyon an kounye a, nap site prezidan Obama: se tanmen yon pwosesis ki fè sans, ki serye, ant non sèlman ant Lèzetazini ak Iran, men tou pou Iran kontinye diskisyon konstriktif ak gwoup P5 plis 1 an.

Prezidan Obama chanje politik Lèzetazini e lap chèche yon estrateji diplomatik kote li vle patisipe kòmsadwa nan diskisyon diplomatik yo avèk Iran sou pwogram nikleyè Repiblik Islamik la ansanm ak reprezantan Grann Bretay, Lachin, Lafrans, Larissi ak L’Almay.

Mesye Obama di BBC si 30 tan "hing-hang ant Iran ak Lèzetazini te anpeche iranyen yo wè danje ki genyen nan chèche posede zam nikleyè, enben Lèzetazini vle louvri pòt diskisyon an pou wè si yo va pase atravè pòt sa a".

Chèf Mezon Blanch lan di tou, nan kad solisyon li anvizaje yo "li vle laji ajenda sou non-pwoliferasyon nikleyè a---pou Lèzetazini ak Larissi redui stòk zam pa yo, yon fason ke tou 2 peyi yo kapab verifye".

Devlopman sa a, dapre mesye Obama, ka redui santiman iranyen yo genyen kòmkwa lemond ap trete yo yon fason diferan ak zòt. Enpresyon sa a rann yo "redonn".

Nan kad ajenda elaji nou an, nap site prezidan Obama, nou pral etann konvèsasyon an sou kouman tout nasyon gen enterè pou yo bloke e redui a “long-terme” pwoliferasyon nikleyè.

XS
SM
MD
LG