Accessibility links

Breaking News

Ahmadinejad Reeli: Manifestasyon Pwotestasyon Nan Téhéran


Manifestan antre nan lese-frape samdi ak lapolis nan vil Téhéran e afwontman yo kontinye dimanch, apre anons reeleksyon prezidan Mahmoud Ahmadinejad alatèt peyi Iran pou yon nouvo manda. Vyolans lan te eklate samdi, tousuit apre minis enteryè iranyen an pwoklame mesye Ahmadinejad "venkè" eleksyon prezidansyèl vandredi a avèk 63 pousan vòt yo.

Rezilta yo bay prezidan Ahmadinejad preske 2 fwa plis vwa pase rival ki pi pre li a, refòmatè Mir Hossein Moussavi, ki rekòlte 34 pou san. Nan yon diskou mesye Ahmadinejad fè samdi apremidi li deklare vòt la se yon “gwo viktwa” e di eleksyon an se te yon eleksyon "totalman lib".

Men mesye Moussavi lanse akizasyon pou di vòt la te chaje ak gwo iregilarite. Plizyè milye nan patizan li yo desann nan lari pou denonse rezilta yo. Sèten nan yo kalonnen lapolis ak kout wòch, e polisye yo reyaji ak kout baton pou gaye pwotestatè yo.

Nouvèl la rapòte sèvis telefòn pòtab pat fonksyonnen samdi nan kapital la, Téhéran…e genyen enfòmasyon ki te fè konnen moun genyen pwoblèm pou yo antre sou sit “sosyal yo”, tankou Facebook. Men dimanch mwayen kominikasyon sa yo te rekoumanse travay. Rezilta eleksyon an se yon sipriz pou anpil analis ki te predi yon kous sere ant prezidan sòtan an ak mesye Moussavi.

Antretan, Sekretè Deta Hillary Clinton deklare Lèzetazini espere rezilta eleksyon iranyèn yo vareflete "volonte ak dezi reyèl" pèp iranyen an. Nan deklarasyon li fè pandan li te nan Kanada samdi 13 jen an, madam Clinton di gouvènman Obama a tap suiv ak anpil atansyon dewoulman eleksyon an…e ke li note "antouzyasm", deba solid ak dyalòg pandan kanpay elektoral la.

Bò kote pa li, Robert Gibbs, pòtpawòl Mezon Blanch la, fè parèt yon deklarasyon kote li di Lèzetazini ap kontinye suiv sitiasyon an de prè sitou apre nouvèl ki fè konnen te gen iregilarite nan vòt la. Minis afè etranjè Kanada a, ki te kanpe akote sekretè Deta Clinton, di peyi li "twouble anpil-anpil” lè li aprann eleksyon an te genyen iregilarite.

Reyaksyon Nan Lemond:

Reyaksyon kominote entènasyonal la vizavi re-eleksyon prezidan Mahmoud Ahmadinejad la depaman. Israel, ki ase souvan se sib atak vèbal prezidan iranyen an, di li genyen gwo kè sote vizavi reeleksyon sa a. Vis minis afè etranjè israelyen an, Danny Ayalon, deklare viktwa mesye Ahmadinejad la demontre "ke menas Iran reprezante a ogmante”. Li ajoute kominote entènasyonal la dwe kanpe pwogram nikleyè ak teworism kap sòti nan Iran an.Patizan prezidan Mahmoud Ahmadinejad kap rejwi dimanch 14 Jun 2009 la nan Tehran, Iran

Sekretè jeneral Lig Arab la, AMR Moussa voye felisitasyon bay mesye Ahmadineja e l' eksprime espwa relasyon Irak ak mond Arab la va amelyore. Li lanse apèl tou pou mande kooperasyon nan efò kap deplwaye pou lapè tabli nan Mwayen Noryan an…e debarase rejyon an anba zam ki kapab touye moun pa bann e pa pakèt.

Media iranyen yo rapòte prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez telefone mesye Ahmadinejad pou felisite li pou viktwa sa a. Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter di li pa panse pral genyen anpil chanjman nan politik Iran. Men li di eleksyon an montre genyen yon gwo opozisyon nan peyi a kont mesye Ahmadinejad…e’l espere prezidan iranyen an va tande opinyon sa yo e modifye pozisyon li.

XS
SM
MD
LG