Accessibility links

Breaking News

Minis Travay Lèzetazini an, Hilda Solis, Vizite Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la.


MINIS TRAVAY AMERIKEN AN VIZITE LAVWADLAMERIK

Minis Travay Lèzetazini an, Hilda Solis, te fè yon vizit nan Lavwadlamerik pou l te pale de kèk sijè enpòtan -tankou timoun kap travay, edikasyon, avèk asistans pou moun ki pi defavorize yo. Madam Solis, ki pale nan pwogram Sèvis Espayòl la ki rele "Foro Interamericano", deklare li nesesè pou yo mete yon fren nan abi k ap fèt sou timoun, espesyalman nan kad aktivite kote yo sèvi ak timoun pou fè travay nan kay. Minis Travay la pale pou l di -nap site: "Mwen ta vle ede timoun ki pale espanyòl yo; si nou ka fè sa nan peyi isit, nou ka fè sa tout kote. "

Ti Prè Lajan:

Daprè Minis Solis, mikwo-prè se kèk nan inisyativ enpòtan gouvènman Prezidan Barack Obama a lanse. Madam Solis te konnen yon dam nan peyi Nikaragwa ki te pèdi tout avwa li; men yon grenn mikwo-prè sèlman te vin chanje vi l. Minis la di : "Dam sa a te genyen chans pou l jwenn lajan pou l kòmanse bati kay li e fè yon ti komès. Avèk pwojè konsa nou ka amelyore sitiyasyon an."


Edikasyon:

Daprè Minis Travay Lèzetazini an toujou, li nesesè pou yo kraze baryè yo nan kominote ispanofòn yo, kote medam yo pa ale lekòl, yon fason pou yo kapab genyen menm chans ak mesye yo. Madam Solis di li panse medam yo fèt pou egzije chanjman kote yo va kapab ale lekòl e pran diplòm yo, olye pou yo rete nan kay sèlman. Minis Travay Lèzetazini an fini pa di:

"Li nesesè pou paran ti demwazèl yo ankouraje yo nan sans sa a. Papa m ak manman m te pòv; si yo pat ankouraje m, mwen pa tap kapab fè travay lekòl mwen. Se konsa ti sè m yo te kapab ale lekòl tou. Genyen ladan yo ki te rive frekante inivésite; e jounen jodiya mwen fyè pou m di 2 nan yo se enjenyè. Men, jiskaprean genyen anpil rasism kont fanm ispanofòn yo, kont latino yo, espesyalman nan karyè ki pa tradisyonèl yo kote anpil fi pa kapab antre. Konsa, mwen santi m fyè deske nou kapab elimine baryè sa yo ki lakoz kominote ispanofòn yo pa genyen tout opòtinite yo ta dwe genyen. Map pale sitou de medam yo; paske jounen jodiya nou genyen yon moun ke prezidan an nonmen kòm premye reprezantan nou pou okipe yon pòs nan Kou Siprèm nan. Ala bèy mèvèy!"

Nap raple ke Minis Hilda Solis pale konsa nan yon entèvyou li bay Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la, nan pwogram "Foro Interamericano".


XS
SM
MD
LG