Accessibility links

Breaking News

Foutbòl-Anyen Poko Deside nan KONKAKAF la


Foutbòl / KONKAKAF

Balon te woule nan sware mèkredi 10 jen an . Dabò nan zòn KONKAKAF la , Meksik geri bosko l sou Trinidad-Tobago ak yon viktwa 2 a 1 nan vil Meksiko nan kad egzagonal final KONKAKAF la. Nan lòt rankont Honduras ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Salvador nan San Pedro Sula --- yon match ki te gen anpil lese frappe ladan n. Abit santral la, ameriken Baldomero Toledo, distribye 7 katon jon: 4 pou Honduras e 3 lòt yo pou Salvador.

Pwochen rankont la pral enpòtan nan gwoup sa a kap antre nan 2zyèm mwatye egzagonal la le 12 Out. Salvador pral lakay Trinidad-Tobago ki an difikilte. Honduras ak akeyi Kosta Rika nan San Pedro Sula. Nan dyèl ant 2 jeyan foutbòl Amerik du Nò a, Meksik ap akeyi Etazini. Apre 5kyèm jounen an, Kosta Rika twouvel nan tèt gwoup la ak 12 pwen. Etazini klase 2zyèm ak 10 pwen. Honduras klase 3zyèm ak 7 pwen. Meksik klase 4tryèm ak 6 pwen . Salvador klase 5kyèm ak 5 pwen,epi Trinidand-Tobabo klase an dènye pozisyon ak 2 pwen.

Foutbòl / Amerik di Sid

Nan eliminatwa Mondyal 2010 la, sitiyasyon an parèt konplike nan Amerik di Sid la apre jounen Mèkredi 10 jen an kote Brezil ak Chili prèske kalifye pou faz final koup du mond Afrik di Sid la. Nan Recife, Brezil suprann Paragwe ak yon viktwa 2 a 1 pou l pran tèt gwoup la ak 27 pwen.

Nan moman manke 4 jounen pou tounwa a fini, Brezil kapab kalifye si l kale Arjantin le 5 Septanm. Arjanten yo klase 4tryèm ak 22 pwen apre yo tonbe 2 a 0 devan Ekwatè nan vil Kito. Carlos Tevez rate yon penalite pou arjanten yo. Nan Santiago, Chili wouze Bolivi 4 a 0 pou l ranfòse chans li pou l jwen kalifikasyon. Chili, ki klase 2zyèm ak 26 pwen, kapab jwen tikè l lè lap rankontre Venezuela 5 Septanb. Kolonbi ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Pewou. Venezuela fè match nul 2 a 2 ak Urugwe.

An plis de Brezil ak Chili, Paragwe klase 3zyèm ak 24 pwen devan Arjantin ki gen 22 pwen.

Foutbòl / Eròp

Rezilta kèk match kalifikatif koup du mond sou kontinan ewopeyen an. Masedwan kale Island 2 a 0 nan gwoup 9-la--gwoup kote ou jwenn La Oland ki déjà kalifye. Angletè te fè kè fanatik yo kontan apre yo pilonnen Andor 6 a 0 nan yon rankont ki te plis sanble ak yon match dantrenman ke yon match kalifikatif koup du mond. David Beckham jwe tout 90 minit rankont la. Angletè nan tèt gwoup 6 la ak 21 devan Kwasi ki gen 11 pwen. Antrenè Fabio Capello chante lwanj pou pèfòmans anglè yo ki sou wout pou jwen tikè pa yo apre yo ranpòte 7tyèm viktwa afile yo.

Pou moun ki renmen statistik : Sa fè David Beckham jwe 112zyèm rankont li pou seleksyon an. Beckham poko make oken gòl nan stad Wemble a pami 17 li déjà make pandan 13 zan karyèl nan seleksyon an.

Lasyèd wouze Malt 4 a 0. Lasyèd gen menm kantite pwen ak Portugal ak 9 pwen nan gwoup 1 an. Ukrèn ranpòte yon viktwa tou mens( 2 a 1) devan Kazakhstan.

Premye nan chak gwoup yo ap kalifye pou faz final la, epi 8 meyè 2zyèm yo pral divize an 4 gwoup de 2 kap jwe yon match ale-retou. 4 venkè yo ap kalifye pou faz final koup du mond foutbòl Afrik di Sid la.

Nan peyi Espay , Real Madrid kontinye ap ranfòse liy datak ekip la apre li jwen yon antant ak Manchester United pou achte sèvis Pòtugè Cristiano Ronaldo. Sanble Real Madrid ta dakò pou l peye klub Anglè a 131 milyon dola kòm frè transfè pou Pòtugè a. Ronaldo, ki manifeste entansyonn pou l kite klub anglè a, jwenn otorizasyon pou l negosye tèm kontra l ak Real Madrid ki sot siyen yon akò 92 milyon dola ak Milan AC pou sèvis foutbolè Brezilyen Kaka. Nouvèl yo fè konnen dezakò ki sanble genyen ant Ronaldo ak antrenè Alex Fergusson kapab youn pami rezon Pòtugè a mande pou l transfere nan yon lòt klub.

Foutbòl/ Etazini

Houston Dinamo ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Chivas USA

Baskètbòl / NBA

Aswè Orlando Majik ap akeyi Los Anjeles Lakers nan kad 4tryèm rankont faz final chanpyona nasyonal la. Lakers yo, kap chache yon 15zyèm tit chanpyon nasyonal, ap domine seri 7 match la ak 2 viktwa kont yon defèt . Lakers yo te pèdu an final pou sezon 2008 la devan Boston Celtics.

XS
SM
MD
LG