Accessibility links

Breaking News

Real Madrid Siyen yon Kontra Rekò ak Kaka


Real Madrid/ Kaka

Klub Foutbòl Espayòl Real Madrid anonse yap peye Milan AC 92 milyon dola kòm frè transfè vedèt foutbòl Brezilyen Kaka nan klub la. Chif sa a reprezante pi gwo transfè ki janm peye pou sèvis yon foutbolè depi lè Real Madrid te peye Juventus de Turin 65 milyon dola pou sèvis franse Zinedine Zidane an 2001 . Kontra Kaka a ap dure 6 zan. Kaka, ki trouve l nan Recife ak seleksyon Brezil la, pase tout tès medikal yo yè Lendi a.

Jamayik/ Barnes

Antrenè seleksyon Jamayik la John Barnes demisyone nan tèt seleksyon an pou l al antrene yon klub 3 zièm divizyon an Angletè. Federasyon Jamayik la anonse Theodore Whitmore ap antrene seleksyon an ki sot fè 2 match nul kont Ayiti ak Salvador nan kad preparatif yap fè pou koup dò KONKAKAF la. Barnes, ki te pran tèt seleksyon an Septanb 2009, te anba anpil kritik apre li pat rive ede Reggae Boys yo kalifye pou ekzagonal final KONKAKAF la.

KONKAKAF / Koup du Mond

Balon ap woule nan zòn KONKAKAF la demen Mèkredi a nan kad match kalifikatif koup du mond lè Salvador ap vizite Onduras epi Trinidad and Tobago pral lakay Meksik. Yon lòt kote Etazini mete tèt pou Afrik du Sud kote yo pral patisipe nan koup Konfederasyon an. Etazini ap rankontre Itali le 15 Jwen, Brezil 3 jou apre epi Ejipt le 21 Jwen.

Samdi 6 Jwen Etazini remonte yon defisi pou l kale Onduras 2 a 1 nan kad ekzagonal final koup du mond Afrik du Sud 2010 pou zòn KONKAKAF la. Antrenè seleksyon tonton Sam nan, Bob Bradley, di pa gen pwoblèm menm si seleksyon an klase an 2 zièm pozisyon dèyè Kosta Rika:”Match kalifikatif koup du mond se pa yon match sèlman men pito 10 rankont. Nou dwe konpran ap gen moman difisil. Li pa nòmal pou tout rankont yo fasil. Abilite pou n fè fas ak move situasyon, amelyore ansanm enpòtan.”

Nan lòt rankont Salvador suprann Meksik ak yon viktwa 2 a 1 pou mete l an 3 zièm pozisyon ak 5 pwen. Kosta Rika wouze Trinidad and Tobago ak yon viktwa 3 a 2 pou l domine group la ak 12 pwen.

Foutbòl / Afrik

Nijerya tronse Kenya 3 a 0 nan kad match kalifikatif koup du mond pou kontinan Afriken an.60 mil fanatik te asiste rankont la group B a Nan Yaounde Maròk fè match nul ak Kameroun 0 a 0 nan group A a. Gabon ap domine group la ak 6 pwen devan Togo ki gen 3 pwen. Kameroun ak Maròk gen yon pwen yo chak.

Nan group C a Aljeri wouze Ejipt 3 a 1. Aljeri ak Zambia p domine group la ak 4 pwen yo chak. Rwanda ak Ejipt gen yon pwen yo chak. Nan group D a Gana kale Mali 2 a 0 pou l rete nan tèt group la devan Benin ki gen 3 pwen. Soudan ak Mali gen 1 pwen yo chak. Kot Divwar ap domine group E ak 6 pwen apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Guine. Burkina Fason gen menm kantite pwen ak Kot Divwar. Malawi ak Guine gen 0 pwen yo chak.

Tenis / Roland Garros

Numewo 2 tenis mondyal la swis Roger Federer ap selebre 14 zièm tit Gran Shelem li ranpòte nan karyè l apre viktwa difisil li ranpòte pou la premyè fwa nan tounwa tenis Roland Garros la. Federer kale revelasyon tounwa a swedwa Robin Soderling 6-1, 7-6,6-4. Sa fè Federer 14 tit Gran Shelem li ranpòte nan karyèl-yon tit ki mete l a egalite ak ameriken Pete Sampras. Federer se 6 ziièm jwè tenis ki ranpòte tou le 4 tounwa tenis Gran Shelem yo( Open Ostrali, Roland Garros, Wimbledon ak US Open). Rus Svetlana Kuznetsova kale konpatriòt li Dinara Safina 6-4, 6-2 pou l ranpòte kategori meda m yo.

Baskètbòl / USA

Orlando Majik pral chache remonte defisi 2 match li genyen fas a Los Anjeles Lakers lè 2 ekip yo ap rankontre jodi a nan Orlando. Dimanch Lakers yo te bezwen pwolongasyon pou l kale Majik yo 101a 96 pou domine seri 7 match final nasyonal la ak 2 viktwa kont 0 defèt. 3 pwochen rankont yo si nesesè ap dewoule nan Orlando.

Komisyonè NBA a David Stern anonse Los Anjeles ap akeyi match tout vedèt yo an Fevriye2011 pou yon 5 kièm fwa. Dallas akeyi match tout vedèt yo an 2010.

XS
SM
MD
LG