Accessibility links

Breaking News

Prezidan Gabon an, Omar Bongo, Mouri Nan Peyi Espay


Prezidan gabonè a, Omar Bongo---chèf Deta ki pase plis tan sou pouvwa sou kontinan afriken an--mouri nan yon lopital ann Espay apre 41 an ap dirije peyi Gabon. Li te gen 73 zan.
Premye minis gabonè a, Jean Eyeghe Ndong, di mesye Bongo mouri anba yon atak kadyak, kèk èd’tan apre ke l’ te demanti nouvèl ki te fè konnen lidè Gabon an mouri. Mesye Ndong te deklare prezidan an “pòte’l byen e’l vivan”.

Gouvènman gabonè a dekrete yon dèy 30 jou e’l mande popilasyon an rete, nap site: ini nan kontanplasyon ak diyite”.

Dapre konstitisyon Gabon, se prezidan sena a, Rose Francine Rogombe, ki pral ranplase pwovizwaman defen prezidan Bongo e òganize nouvo eleksyon nan peyi afriken an.

XS
SM
MD
LG