Accessibility links

Breaking News

Lachin Mete Restriksyon Ankò Sou Entènèt la


Otorite chinwa yo, yon lòt fwa ankò, ap deplwaye plis efò pou yo mete restriksyon sou libète ekspresyon avèk blokaj sit wèb tankou Twitter, Flickr ak Hotmail. Restriksyon sou entènèt la se youn pami divès mezi gouvènman chinwa a te pran nan semèn ki sòt pase yo pou toufe disansyon ki antoure anivèsè represyon vyolan manifestasyon plas Tienanmen yo, 4 jen 1989.

Jennifer Windsor, direktris ekzekitif "Freedom House" di: jèn yo nan Lachin deja ase byen enfòme sou manifestasyon pwo-demokrasi 1989 yo e sou masak ki te pran lavi plizyè santèn (si se pa dè milye) manifestan pasifik. Windsor deklare: desizyon Lachin pou l' bloke sit sa yo reprezante denyè "assaut" nan yon kanpay san rete pou efase le pase.

Otorite chinwa yo bloke regilyèman sèten fonksyon entènèt la pandan evènman yo konsidere kòm "politikman sansib", tankou Je Olenpik Peken yo ak Kongrè Pati Kominis Chinwa a.

Dapre "Freedom House", gouvènman chinwa a ap jere systèm siveyans entènèt ak dispozitif "baboukèt" pi sofistike ki genyen nan lemond.

Selon dènye rapò Depatman Deta pibliye sou pratik dwazimen peyi Lachin, polis entènèt chinwa a kapab bloke otomatikman kourye elektwonik (e-mail) ak sal konvèsasyon kote moun ap "chat" sou web la gras ak yon teknik ki pèmèt yo detekte mo "sansib", mo-kle tankou Falun Gong ak endepandans Tibè.

Malgre kontwòl sa yo espas sibènetik chinwa a laji pou l' tounen youn fowòm dinamik ki genyen plizyè santèn milyon itilizatè.

Lèzetazini genyen kè sote devan mezi ki vle limite aksè moun sou rezo entènèt la e devan mezi restriksyon sou dwa libète ekspresyon tout kominote entènasyonal la rekonèt.

Prezidan Barack Obama di: "demokrasi, eta de dwa, libète lapawòl, libète relijyon, se pa senpleman prensip loksidan men okontrè, se dapre sa'm kwè, prensip inivèsèl."


XS
SM
MD
LG