Accessibility links

Breaking News

2zyèm Jounen Manifestasyon Etidyan Nan Pòtoprens


Etidyan diferan fakilte Inivèsite Deta Dayiti pran lari ankò jedi pou fòse gouvènman ayisyen an aplike lwa sou salè minimòm nan ke 2 chanm palman ayisyen an deja vote. Korespondan nou Jean-Max Blanc di nou lapolis itilize gaz lakrimojèn pou kwape manifestan ki reponn ak kout wòch.

Pou plis presizyon sou ensidan yo Lavwadlamerik te pale ak pòtpawòl Polis Nasyonal la, Frantz Lerebours, ki demanti gen etidyan ki blese pandan entèvansyon fòs sekirite yo, jan kèk nouvèl kap sikile nan kapital ayisyèn nan te fè konnen.

Antretan, prezidan sena ayisyen an, Kelly Bastien, ap rankontre avèk yon gwoup senatè vandredi 5 me a ak prezidan René Préval pou diskite sou dosye salè minimòm nan.

Nou kapab tande devlopman pwen sa yo avèk Jean-Max Blanc, Jean-Pierre Leroy ki te pale ak mesye Lerebours e ak senatè Kelly Bastien.

Pou n' fè sa a, klike sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la pou

XS
SM
MD
LG