FIFA / Trofe Tour
Trofe koup du mond foutbòl la pral fè yon virewon mondyal pou ede nan publisite kap fèt pou koup du Afrik du Sud 2010 ane pwochè n. Virewon an kap kòmanse 21 Septanb, ap pase nan 86 peyi pandan 225 jou.
Dapre previzyon yo koup la dwe rive an Afrik du Sud 4 Me 2010 apre li finn kouvri yon distans 134,017 kilomèt—swa plis pase 3 fwa sikonferans tè a. Nan koup du mond 2006 la trofe a te pase nan 31 vil nan 29 peyi.
FIFA anonse li gen nan kès li yon benefis 184 milyon dola pou ane 2008 la swa 13 pou 100 mwens ke budjè òganizasyon an te prevwa. FIFA depanse 773 milyon dola. Òganizasyon an posede byen materyèl ki estime a 1 milya 600 milyon dola.
Plizyè foutbolè kapab gen chans jwe foutbòl nan nivo entènasyonal apre vot supriz FIFA fè Mèkredi pou chanje laj limit jwè yo dwe genyen avan yo jwe pou yon seleksyon nasyonal. Daprè règleman yo foutbolè ki gen doub nasyonalite e ki déjà jwe pou yon seleksyon jè n te kapab jwe pou yon lòt peyi sèlman apre li gen 21 ane.
58 pou 100 delege yo vote mosyon federasyon foutbòl Aljeri te mete devan Kongrè a pou retire laj limit la—yon desizyon ki louvri wout la pou jè n foutbolè yo jwen yon 2 zièm chans pou jwe foutbòl pou yon lòt peyi. Chanjman an pat aplike pou jwè ki déjà jwe pou seleksyon nasyonal seniò yon peyi ki pap kapab jwe pou yon lòt seleksyon nasyonal. Peyi Afriken yo vote an favè mosyon an akoz lap pèmèt yo rekrute jwè dorijin Afriken ki te déjà jwe pou yon lòt seleksyon jèn Eropeyen pa ekzanp.
Pandan kongrè a kap dewoule nan Nassau Bahamas FIFA deside pou ti peyi ki pa abitye patisipe nan konpetisyon mondyal wo nivo jwen yon chans pandan je zolmpik jè n yo ane pwochèn nan Sengapour. Unyon Foutbòl Eropeyen an seleksyone 8 ekip Eropeyen kap patisipe nan yon konpetisyon pou yon plas nan premye edisyon Je Zolenpik Jèn yo .
Venkè tounwa Eropeyen an pral jwen 5 lòt ekip kap soti nan lòt konfederasyon yo. Inyon Eropeyen an chwazi yon seleksyon jè nan Albani, Liechtenstein, Montenegro ak Sèbi, Armeni, Bulgari, Jòrji ak Moldavi pral jwe yon premye tou nan Nyon an Swis. Lòt ekip yo ap soti nan peyi òganizatè konpetisyon an Sengapour, Bolivi, Kiba, Vanuatu ak Zimbabwe pou kategori maskilen an.
Chili, Guine Ekwatoryal , Iran, Papua Nouvèl Guine ak Trinidad and Tobago ap jwe nan kategori feminen an. FIFA vle pou peyi ki pa gen kapasite pou kalifye pou koup du mond ou byen nan yon je zolenpik jwen yon chans pou yo patisipe nan yon konpetisyon wo nivo.
3200 atlèt, kap gen ant 14 a 18 tan, ap patisipe nan je zolenpik pou jè n yo nan 29 disiplin
Foutbòl/ Koup du Mond
Kosta Rika wouze Etazini ak yon viktwa 3 a 1 pou l pran tèt group ekzagonal final KONKAKAF la ak 9 pwen nan kad match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud. Sa fè Etazini 7 tièm defèt li sibi nan men Chikos yo nan stad Saprissa a. Etazini, ki klase 2 zièm ak 7 pwen, retounen isit Ozetazini pou l akeyi Onduras nan Chikago Samdi.
KONKAKAF/ Afrik du Sud 2010
Lòt rankont kap jwe nan ekzagonal final KONKAKAF la se Salvador ap akeyi Meksik epi Trinidad and Tobago ap akeyi Kosta Rika. Mèkredi 10 Jwen Meksik ap akeyi Trinidad and Tobago. Nan San Pedro Sula Onduras ap akeyi Salvador. Etazini gen pou l ale an Afrik du Sud kote li pral patisipe nan koup Konfederasyon an.
Prezidan KONKAKAF ak Sekretè Jeneral òganizasyon an Chuck Blazer jwen yon lòt manda 4 tran nan komite ekzekitif FIFA a.
Seleksyon KONKAKAF ki klase 4 trièm nan ekzagonal final eliminatwa koup du mond ap akeyi seleksyon ki klase 5 kièm nan group Amerik du Sud la dapre desizyon ki adopte nan kongrè FIFA a.
KONKAKAF / Lig Chanpyon
Responsab yo nan KONKAKAF la anonse tiraj osò Lig chanpyon zòn ap dewoule nan 11 Jwen pou yon tounwa preliminè ak patisipasyon 16 klub kap divize an 8 group de 2 kap jwe yon match ale retou 28 e 30 Juyè. Match retou a fikse pou 4-6 Out. 8 venkè yo pral jwen lòt 8 tèt de seri pou fòme 4 group de 4. Faz sa a ap kòmanse 18 Out. 2 premye nan chak group ap kalifye pou kar de final la.
La Grenad non-men ansyen vedèt West Ham United Tommy Taylor kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la. La Grenad gen pou rankontre Panama 10 Jwen.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal feminen an Rus Dinara Safina kalifye pou final tounwa tenis Roland Garos la apre wouze ak kout rakét Slovak Dominika Cibulkova 6-3, 6-3. Safina ap rankontre konpatriòt li nan final la Samdi.
Demen Vandredi a semi final maskilen an ap mete bab pou bab swis Roger Federer kont arjanten Martin del Potro epi lòt semi final la ap mete fas a fas Swedwa Robin Soderling kont chilyen Fernando Gonzalez.
Etazini / Baskètbòl
Aswè a nan Los Anjeles seri final 7 match NBA a ap mete fas a fas Los Anjeles Lakers kont Orlando Majik. Lakers yo te pèdu an final fas a Boston Celtics an 2008. Lakers yo gen yon total 14 trofe NBA. Antrenè Phil Jakson ranpòte yon total 9 tit pandan karyè l. Orlando poko ranpòte oken tit. Se premye patisipasyon yo nan yon final depi 1995.