Accessibility links

Breaking News

An' Ede Zòt Konbat Koripsyon


Prezidan Barack Obama mande Kongrè ameriken an ogmante finansman pou yon pwogram asistans entènasyonal ki vize ankouraje kwasans a lon tèm. Administrasyon Obama a ap eseye jwenn 1 milya 420 milyon dola pou òganizasyon “ Millenium Challenge Corporation”, MCC, pou ane fiskal kap tanmen nan mwa oktòb kap vini an.

Ogmantasyon 63 pousan sa a, se yon testaman ki demontre apui gouvènman ameriken an vle bay pwogram nan ki efikas anpil nan lit kap kont lamizè sou planèt la. Peyi kap chache asistans nan men òganizasyon Millenium Challenge Corporation nan dwe ran jijman ki juss, envesti nan sitwayen yo e ankouraje kreyasyon antrepriz lakay yo.

Konsèp la, sè ke asistans pou devlopman bay pi bon rezilta nan peyi ki oblije adopte bon politik ekonomik e kote gouvènman yo ap travay pou konbat koripsyon. Efò pou lite kont koripsyon an enpòtan anpil pou pwoteje lajan kontribyab ameriken yo, e pou asire suksè asistans la. Politik Òganizasyon Millenium Challenge Corporation nan egzije yon kontwòl sere lit anti-koripsyon ak yon kontwòl efò kap fèt lokalman pou konfwonte pwoblèm sa a.

Depi ane 2005, MCC depanse 470 milyon dola nan pwogram kap ede peyi ki ka benefisye pwogram Millenium Challenge Corporation an satisfè egzijans ki mache ak bòn gouvènans. 250 milyon dola nan lajan sa a ap sèvi nan efò pou konbat kowipsyon. Tanzani, pa egzanp, fini avèk suksè yon pwogram 11 milyon dola.

Youn nan pwen fò pwogram nan genyen rapò ak fòmasyon 300 jounalis ak 80 majistra pou montre yo kòman pou lite kont koripsyon ak krim finansye, tankou blanchiman lajan. Apre sa, Tanzani te vin kalifye pou yon don 698 milyon dola ke lap itilize pou ankouraje kwasans ekonomik atravè envestisman nan domèn transpò, enèji ak domèn dlo potab.

Paragwe utilize yon don sou menm fòm nan pou afwonte koripsyon nan mitan fonksyonè sivil yo. Konsa, li amelyore kapasite sitwayen yo pou yo respekte règlemantasyon ki lye ak tranzaksyon pou anrejistre e demare yon antrepriz. Poutan, Nan Madagaskar, yo koupe 110 milyon dola finansman yon pwogram anti-povrete poutèt zòt te fòse prezidan Marc Ravalomanana, ki te eli demokratikman, bay demisyon’l nan kòmansman ane a.

Lèzètazini pran angajman pou’l ede lòt nasyon fè lit anti-koripsyon an antre yon fason total-kapital nan efò peyi sa yo ap deplwaye pou elimine lamizè lakay yo.

XS
SM
MD
LG