Jedi 4 me sa a se kou danvwa Final Nasyonal baskètbòl pwofesyonèl ameriken an (NBA) kap mete fas pou fas chanpyon Konferans Lwès la, Los Angeles Lakers avèk super-star li a Kobe Bryant kap cheche lontan yon nouvo bag --- nou vle yon nou tit. Lòt advèsè a rele: Orlando Magic avèk prensipal vedèt li a Dwight Howard ---ekip ki sa a ki oze elimine Denver Nuggets ak tout Lebron James (The King James) ap pare pou al defye anpir kalifònyen an. Bon baskèt an perspektiv !
Se Los Angeles ki gen sa yo rele an anglè “Home court advantage la” ki vle di premye match seri final la ap jwe sou pwòp treren li, adomisil. Lakers yo ap resevwa Orlando Magic pou 2 premye nan seri 7 match ki pral detèmine chanpyon nasyonal NBA a. Apre, Magic va resevwa 2 pwochen rankont yo. E si sa nesè, Orlando ap resevwa yon lòt e selon sitiasyon an, 2 denye match yo ka dewoule kay Los Angeles Lakers.
Gen anpil nostaljik ki regrèt yon fas-a-fas ant Kobe Bryant ak Lebron James. An palan de Lebron, anpil reaksyon kontinye tonbe sou move konpòtman l apre eliminasyon Denver a. Super-Star la kite teren ak fraka san li pa salye pèsonn (sa ki pa antre nan kultur Fair-play NBA a ). Lebron pat bay non plis konferans pou laprès tradisyonèl la --- sa ki reprezante yon vyolasyon prensip NBA a. Gen posibilite pou responsab lig la ta pran yon sanksyon kont li.
Los Angeles Lakers avèk antrenè anblematik li a, Phil Jackson, pral jwe 30tyèm final li avèk yon palmarès ekstraòdinè swa 14 tit, 2zyèm dèyè Boston Celtics. L.A ap chèche yon nouvo tit depi tandèm majik Shaquille O'Neal /Kobe Bryant la te kraze a an 2004 ---yon epòk fanatik Lakers yo pa ka bliye, lè 2 konpè yo te konn fè " la pluie et le beau temps" nan NBA a.
Orlando Magic li menm ap retounen pami 2 meyè ekip NBA a apre 14 ans lè li te jwe premye e sèl final li nan konpetisyon sa a. Li te echwe teribleman (4-0) an 1995 devan Houston Rockets malgre prezans Anfernee Hardaway, alyas "Penny" e Shaquille O'Neal. Nap siyale tou ke se premye fwa antrenè Orlando a, Stan van Gundy pra l viv yon final kòm antrenè. Orlando Magic pral jwe li menm 2zyèm final nan istwa l.