Accessibility links

Breaking News

Responsab Sante Piblik la Di Yo Pa Depiste Okenn Ka Grip A (H1N1) An'n Ayiti


Ministè Sante Publik peyi Dayiti deklare madi rezilta tès Sant Karantèn lopital Lapè nan Pòtoprens fè pa revele okenn viris A (H1N1) nan prelèvman yo fè sou ayisyen yo te entèsepte sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan ke otorite yo te sispèk tap soufri ak grip pòsin nan.

Direktè jeneral ministè a, Dr. Gabriel Timothée, di Lavwadlamerik: "Se yon fos alèt e jiskaprezan yo poko detekte ka grip sa a an'n Ayiti.

Yon lòt kote, premye senatè Depatman Latibonit la, Youry Latortue, mande responsab gouvènman lokal yo pou yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou pwoteje popilasyon ki abite nan zòn kote yo riske viktim anba inondasyon, eboulman ak lavalas labou dlo kap desann ka koze pandan sezon siklòn nan ki tanmen premye jen an.

Nou ka koute deklarasyon mesye Thimothée ak mesye Latortue a si nou klike sou ralonj ki make pwogram apre midi a, agoch paj web la.

XS
SM
MD
LG