Minis
defans ameriken an, Robert Gates, konfime Iran lanse nan mwa me a yon
misil balistik kout-pòte ki gen kapasite pou l’ frape peyi Israel, baz
Lèzetazini nan Mwayen Noryan an ak lòt kote sou kontinan ewopeyen an.
"Enfòmasyon mwen li endike tès la se te yon suksè. Missil la kapab
genyen yon pòte apeprè 2 mil a 2 mil 500 kilomèt. Akòz kèk pwoblèm motè
yo te genyen nan le pase, nou panse omwen nan faz tès sa a, li
pwobableman pi pre 2000 ke 2 mil 500 kilomèt."
Pòtpawòl Mezon Blanch
Robert Gibbs di prezidan Barack Obama eksprime enkyetid li sou demach
Iran ap fè pou’l devlope kapasite zam ak teknoloji nikleyè. Mesye Gibbs
deklare prezidan Obama kwè devlopman pwogram sa yo pa pral ranfòse
sekirite Iran men, okontrè, pral fè Iran mwen an sekirite. Nan yon
seyans depozisyon devan Kongrè a, sekretè Deta Hillary Clinton di yon:
"Iran ak zam nikleyè e ak systèm pou delivre zam sa yo pral pwovoke yon
kous zam nan Mwayen Noryan an e pi lwen toujou. Sa pa nan enterè
sekirite Iran. E nou kwè nou genyen yon agiman solid pou demontre sa.
Nan menm moman an tou, nou nou wè plis peyi ap reyalize ke yo pa ta
renmen posibilite sa a materyalize. Donk, nou genyen konvèsasyon seryeu
ak anpil peyi ki situye byen pi lwen ke rejyon an".
”Objektif nou, pou’n site sekretè Deta Hillary Clinton, se konvenk rejim iranyen an ke li pral genyen mwens sekirite si li kontinye ak pwogram zam nikleyè li a. Clinton di Lèzetazini pral swa konstate yon sèten ouvèti ak yon sèten volonte pou diskite sou kesyon an ou byen li pa pral wè anyen, men lap kontinye ak demach diplomatik yo.”