Asosiyasyon Medikal Ayisyen, AMH, mande pou otorite sanitè yo redouble vijilans, apre Oganizayon Mondyal Sante, OMS, dekouvri 2 ka enfeksyon viris A (H1N1) an ki bay grip pòsin nan nan Repiblik Dominikèn.
Prezidan Asosyasyon Medikal Ayisyen an, doktè Claude Surena deklare: “To enkyetid la ogmante an Ayiti apre Oganizasyon Mondyal Sante konfime 2 ka enfeksyon sa yo.”
Gen lòt ka Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo, CDC nan Atlanta, kontinye ap envestige nan Repiblik vwazin nan”. Dr Surena ajoute : « Akoz pwoksimite Ayiti ak Dominikani, otorite sanitè yo gen tout rezon pou ranfòse mezi yo te deja pran pou kore kanpay motivasyon ak sansibilizasyon pou anpeche popilasyon aysiyèn nan kontamine, si viris la ta travèse fwontyè a.
Koòdonatè adjwen selil kriz ayisyèn sou viris A (H1N1) an, doktè Donald Francois, bò kote pa l’ fè konnen otorite sanitè yo deja voye yon ekip teknik sou fwontyè ayisyano-dominikèn nan, nan zòn Malpasse, pou ranfòse dispozitif suveyans yo.
Klike sou lyen ki anlè e adwat atik sa a pou w koute reaksyon doktè Claude Surena sou dosye sa a.