Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse Yon Lòt Misil Vandredi 29 Me a


Ajans nouvèl sid koreyen "Yonhap" fè konnen Kore di Nò lanse yon lòt misil kout pòte jodi vandredi a. Misil sa a se 6zyèm Pyongyang tire depi tès nikleyè lendi a. Responsab nò koreyen yo di yo pral pran lòt mezi pou pwoteje peyi yo si Konsèy Sekirite Nasyonzini an pwovoke l.

Ministè afè etranjè a voye avètisman sa a nan yon kominike ajans nouvèl leta nò koreyen an pibliye vandredi 29 me a san plis detay. Sepandan ministè a presize "nenpòt aksyon ostil Konsèy Sekirite a pral ogmante anilasyon trèv 1953 ki te mete fen nan lagè Kore a".

Pandanstan 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU an (Etazini, Lagran Bretay, Lachinn, Lafrans ak Larisi) rankontre ak tout pòt fèmen jedi 28 me a pou yo anvizaje nouvo sanksyon kont Kore di Nò pou dènye tès nikleyè l' yo. Sanksyon sa yo kapab genyen yon anbago sou zam ak restriksyon sou tranzaksyon finansyè e bankè.

Nan Washington tou, deba ap kontinue sou dènye tès nukleyè Pyongyang yo ki montre Kore di Nò pa dispoze ko-opere ak kominote entènasyonal la. Otorite amerikèn yo tap reflechi sou pi bon repons yo ka bay devan aksyon Kore Di No yo ke yo konsidere kòm yon pwovokasyon.

Pou Washington, Kore di Nò dwe peye yon pri pou tès nikleyè ak menas militè lap fè nan rejyon an. Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton deklare: "genyen konsekans pou aksyon konsa. Nan Nasyonzini, pandan nap pale la a, deba yo ap kontinye pou fè Kore di Nò peye lòt konsekans ".

Tom Scheber, vis-prezidan Enstiti Nasyonal pou rechèch diplomasi piblik ki chita nan Virjini, deklare "aksyon Kore di Nò yo mete presyon sou Washington pou l montre li pa sou blòf. Alye nou yo (se mesye Scheber kap pale) ap gade ki jan nap reponn. Iran tou ap gade tou ki jan nap reponn Kore di Nò. E se menm jan tou, nenpòt aksyon Iran poze, Kore di Nò ap gade si deklarasyon Etazini yo se pa pale met la; kidonk, si li pap fè anyen… e yap gade si yo pap gen okenn pwoblèm oubyen si yap fè fas ak sanksyon pou agresyon yo komèt.»

Lachinn ak Larisi ki te konn konbat sanksyon Nasyonzini kont rejim nò koreyen an, kondane tès nikleyè ak lansman misil Pyongyang yo e yo kwè òganizasyon mondyal la dwe bay yon repons. Dapre yon sous, fòk moun tann semèn kap vini la a pou yon rezolisyon Nasyonzini kont Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG