Accessibility links

Breaking News

FC Barcelone Ranpòte 3zyèm Twofe li Pou Ane 2009 la


Barcelone ranpòte koup Lig Chanpyon an pou yon 3zyèm fwa e li ranpòte 3 twofe pou ane a: Lig Chanpyon an, Liga a (chanpyona espayòl la) ak Copa del Rey la.

Se nan Stad Olempik vil Wòm nan Barsa t’al ekri nouvo paj listwa sa a kote l kale Manchester United 2-0 nan okazyon final Lig Klib Chanpyon Ewopeyen an.

Apeprè 10 minit apre "coup d'envoi a", gras ak yon pas Iniesta te fè, kamewounè Samuel Eto’o reyalize yon eksplwa endividyèl pou l' ouvè skò a pou Barsa ki te vinn libere anba yon dominasyon ekip Cristiano Ronaldo a. Apre gòl sa a, ekip Sir Alex Furgusson nan ta pral refwadi yon ti kras malgre kèk esè timid pou l' jwenn yon egalizasyon ki pat janm vini.

E rankont la ta pral tounen yon dominasyon espayòl sou tout teren an, kote moun te ka konstate yon siperyorite taktik e endividuèl Chanpyon Liga a. Eto’o, Thierry Henri ak Lionel (san bliye Iniesta, ki, pou anpil moun, se te "l’homme du match") te peze lou sou defans Manchester a, an palan de Tevez ak lòt yo.

Nan 70zyèm minut jwèt la, nan mitan dominasyon katalan yo, Lionel Messi make yon 2zyèm gòl pou ekip la--swa 9yèm gòl li nan konpetisyon an pou l tounen meyè bitè Lig Chanpyon 2009 la. E se te yon fèt nan "Stadio Olimpico" vil Wòm nan ki te akeyi prèske 70 mil fanatik.

Michel Platini, sekretè Jeneral la UEFA a, nan mitan yon pakèt otorite politik e spòtiv, te remèt meday ak supèb twofe sa a kap genyen non FC Barcelone grave pou yon 3e fwa sou li.

Nan nivo pèsonèl, se te yon gwo fèt pou entènasyonal fransè Tierry Henry ki te manke sèlman Lig Chanpyon an nan palmarès li. Gwo satisfaksyon tou pou antrenè FC Barcelone nan, Pep Guardiola, ki ede ekip la ranpòte 3 tit pou sezon an. Epitou, Lig espayòl la amelyore palmarès li: sa fè 12zyèm twofe ewopeyen li (3 pou FC Barcelone e 9 pou Real Madrid) kont 11 twofe pou lig foutbòl anglè a.

Sou Plan sekirite: 85 polisye blese pami 153 moun ki te resevwa chòk nan piblik la. Lapolis arete plis pase 130 moun pou move konduit aprè viktwa FC Barcelone nan. Te gen selebrasyon non sèlman nan vil Wòm, an Itali, men tou nan plizyè vil espayòl.

Selebrasyon yo te kontinye jedi 28 me a, lè FC Barcelone te debake nan ayeropò El Prat la. Ekip la te gen pou l' monte abò yon gwo bus dekapotab pou mennen delegasyon an nan stad "Nou Camp la" kote yo pral fete e di fanatik yo mèsi.

NB: Jacquelin Bélizaire te ekri tèks sa a e Jacques Jean-Baptiste te asire Koreksyon an.

Nou ka ekri 2 redaktè yo nan adrès sa a: jbeliz@voanews.com jbjacque@voanews.com pou kòmantè.




XS
SM
MD
LG