Accessibility links

Breaking News

Militan Politik E Defansè Refijye Ayisyen Pè Gérard Jean-Juste Mouri Nan Florid


Ansyen Minis pou Kondisyon Fanm ann Ayiti, aktivis politik pro-Lavalas, e atis byen koni Farah Juste, konfime nan mikwo VOA ke Rev. Pè Gérard Jn-Juste mouri mèkredi 27 me 2009 la nan yon lopital vil Miami, eta Florid. Pè Jn-Juste, ke familye l' yo te konn rele Gerry, te soufri ak 'kansè e sanble li te vin gen konplikasyon maladi kè nan dènye moman lavi li. Jounal Miami Herald di se yon stroke--yon kriz nan sèvo--ki pote l' ale.

Pè Jn-Juste te pase plizyè dizèn lane ap defann dwa imigran ayisyen nan eta Florid, pafwa san okenn apui. Li pat janmen dekouraje ni kraponnen nan pran lari Miami pou fè tande vwa l' anfavè Ayisyen ki te bezwen rezidans, oubyen sila yo ki te fèmen nan prizon Imigrasyon Etazini.

Nan kòmansman ane 1990 yo, Gérard Jn-Juste te pote kole ak kanpay yon lòt pè katolik t'ap fè nan pou l' te vin Prezidan Ayiti. Jn-Juste te kontribye nan siksè Pè Jn-Bertrand Aristide, e lè lidè nasyonal pati Lavalas la te pati pou legzil an 2004, lavi Pè Jn-Juste te vin konplike nan Pòtoprens. Sou rejim tranzisyon an, li te pran prizon apre klamè piblik te lonje dwèt sou li kòm swadizan konplis nan lanmò jounalis Jacques Roche, akizasyon ke li te demanti ak tout fòs. Apre liberasyon n sou kondisyon, pou rezon imanitè, li te retounen nan eta Florid.

Menmsi si Gérard Jn-Juste te gen anpil kritik, se tout Miami ak rès Sid Florid la, ansanm ak fanmi politik Lavalas la, ki andèy akòz depa militan sa a, ki pat janm pè revandike dwa malere ak imigran ayisyen.

Farah Juste di nou yo poko anonse dat fineray yo.

Klike sou ralonj sa a pou w' kite yon panse nan memwa Rev. Jn-Juste :

http://www.legacy.com/gb2/default.aspx?bookid=644372848558

Si ou ta renmen koute yon pati nan ti kozman Lavwadlamerik te fè ak Farah Juste la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a.

XS
SM
MD
LG