Avoka e òm politik ayisyen Osner Fevry fèmen depi fen semèn pase nan penitansye nasyonal--ke yo rele gran prizon-- nan kapital la, Pòtoprens, nan kad yon konfli pou tè kote lajistis akize 'l deske li fè move "kout plim"-- konpran magouy-- ke yo rele an franse nan langaj jiridik la " faux et usage de faux". Mèt Fevry te konparèt devan pakè vandredi pase apre yon "garde-à-vue" 24 trè nan Direksyon Polis Jidisyè, DCPJ e jij enstriksyon an te detèmine gen rezon pou li kenbe akize a an detansyon prevantiv.
DCPJ tap ekzekite yon manda "menen-vini" Komisè Joseph Manes Louis te voye bay Osner Fevry sou plent Mesye ak madanm Dessalines. Konsèy lòd avoka bawo Pòtoprens lan denonse fason lajistis ekzekite manda sa a e li lanse yon mouvman grèv san limit pou egzije liberasyon konfrè a.
Selon deklarasyon avoka Samuel Madistin arestasyon ak detansyon mèt Fevry a se yon obstak grav pou pwofesyon avoka a, menm le yo pa vle diskite sou sa lajistis repwoche mèt Fevry a.
Sa yo denonse se sa yo rele "vyolasyon" atik 51 kòd enstriksyon kriminèl ayisyen an ki di kouman lajistis dwe aji nan ka ki devan'l jodi a apre yon moun depoze yon plent devan komisè gouvènman kont yon sitwayen.
NB: Ale sou ralonj ki anwo, adwat paj web la, pou n' tande deklarasyon mèt Samuel Madestin sou dosye a.