Accessibility links

Breaking News

Inter de Milan Pwolonje Kontra Antrenè a


Foutbòl/ Itali

Inter de Milan pwolonje pou juskan 2012 kontra ak antrenè klub la Jose Mourinho. Ekstansyon kontra a rive nan moman Real Madrid te enterese jwen sèvis antrenè a. Mourinho te siyen yon kontra ak klub an 2008 e li ede klub la ranpòte 4 tit youn dèyè lòt.

Foutbòl/ Lig Chanpyon

Demen se gwo rande-vou nan vil Wom nan peyi Itali pou final Lig Chanpyon-an kap mete fas-pou-fas FC Barselòn kont Machester United . Demen fanatik boul-yo pral gen plezi wè yon pakèt jwè boul sou yon menm teren nan yon match de rèv. Barsa ap aliyen : aliyen Thierry Henry ak Andres Iniesta, Lionel Messi. Manchester United li-menm ap konte sou yon seri de jwè gwo kalib tou tankou vedèt : Cristiano Ronaldo, Carlos Tevez, Wayne Rooney ak Dimitar Berbatov—.

Final demen Mèkredi a kapab deside tou meyè foutbolè sou tè a : eske se Lionnel Messi ou byen Christiano Ronaldo ?

Foutbòl / Etazini

Seleksyon foutbòl feminen ameriken an danse sou Kanada 4 a 0 nan kad yon match entènasyonal ki jwe nan Toronto.

Tenis/ Roland Garros

Nan Rolan Garos-la, Sèb Novak Djokovitch (4) ak ajanten Juan Martin del Potro ranpòte premye match yo . Djokovitch kale kalifye apre ekwatoryen Nicolas Lapentti ki pran yon chòk nan cheviy. Del Potro li-menm kouri ak fransè Michael Llodra an 3 sèt : 6-3, 6-3, 6-1. Lòt kalifye ankò se Fransè Gael Monfils, espayòl Tommy Robredo , alman Philipp Kolscreiber.

Kay medam-yo , se kalifikasyon tèt de serei numewo 5-la , sèb Jelena Jankovitch ki elimine tchèk Petra Cetkovska an 2 sèt : 6-2, 6-3. Kalifikasyon tou pou rus Svetlana Kuznetsova ak danwaz Caroline Wozniaki.

Baskètbòl/ NBA

Denver Nuggets van-nen Los Anjeles Lakers 120 a 101 pou mete seri 7 match final konferans de Lwès la ak 2 viktwa patou. Chauncey Billups ak J R Smith make 24 pwen yo chak. Kobe Bryant make 34 pwen nan defèt Lakers yo. 2 ekip yo ap rankontre demen Mèkredi a nan Los Anjeles pou 5e rankont-la . Aswè a Cleveland Cavaliers ap vizite Orlando Majik nan seri 7 match final konferans de Lès. Orlando Majik ap domine seri a 2-1--- ki donk Lebron James nan pwoblèm.

Siklisme/ Itali

Siklis italyen Alejandro Valverde ap trenen devan la justis Ajans Mondyal anti-dopaj-la ak tribyunal anti-dopaj Komite olempik italyen poutèt yio te bal yon sanksyon pou pase 2 zan pou pa patisipe nan konpatisyon pandan-l tap patisipe nan yon kous ann Itali. Valverde pote plent devan yon tribunal espayòl .

XS
SM
MD
LG