Ajans nouvèl sid koreyen "Yonhap" rapòte Kore di Nò teste madi 26 me a 2 lòt misil « courte portée » nan moman kondanasyon kominote entènasyonal la ap ogmante pou tès atomik Pyongyang fè lendi a. Nouvèl la di misil yo gen kapasite pou yo frape sib ki sou yon distans 130 kilomèt.
Pandansetan Konsèy Sekurite Nasyon Zini an kondane tès la ke l konsidere kòm yon «vyolasyon klè » rezolisyon 2006 la ki entèdi Pyongyang fè tès nukleyè e lanse misil balistik.
Yè swa, nan yon reinyon dirjans, apre yon rekèt peyi Japon, tout 15 manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini an--pami yo, Lèzetazini, Larisi ak Lachinn--kondane tès nikleyè Pyongyang lan.
Konsèy la anonse lap pare pou l bay Kore di Nò yon repons fèm. Menm Lachinn ak Larisi, alye e prensipal soutyen diplomatik e umanitè Pyongyang, kondane tès nukleyè souteren yo. Anbasadè Etazini an nan l’ONU, Susan Rice, di, rezolisyon sa a fèt pou gen ladann sanksyon djanm kont Kore di Nò. Anbasadè Rice presize e nap site : « Lèzetazini panse , aksyon sa-a
reprezante yon grav vyolasyon dwa entènasyonal e yon menas pou lapè ak
sekurite rejyonal e entènasyonal.Etazini pral mande yon rezolusyon fèm ak mezur djanm"
Asistan anbasadè fransè nan Nasyon Zini an, Jean Pierre Lacroix, deklare bò pa-li : Lafrans kwè fòk genyen nan rezolisyon sa a nouvo sanksyon ki pou ajoute sou sa ki deja la yo, paske genyen yon pri Kore di Nò fèt pou l' peye pou konpòtman l’ lan.
Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon, ansyen minis afè etranjè Kore di Sid, kondane tou tès nukleyè souteren yo.
Kore di Nò deklare bò pa li di ke l' nesesè pou l pran desizyon pou pwoteje tèt li kont yon posib atak Lèzetazini.
Tès nukleyè sa a se pi tès nan typ sa a Kore di Nò janm fè nan tout istwa l.
NB: Si w ta renmen pran kontak ak moun ki ekri atik sa a, ou ka voye yon kourye elektwonik nan adrès sa a jbeliz@voanews.com