Accessibility links

Breaking News

Mèt Osner Fevry Tanmen Wikenn 22 Me a Nan Penitansye Nasyonal


"Faux, usage de faux, et association de malfaiteurs" se akizasyon sa ki lakòz mèt Gabriel Ambroise, juj nan tribinal de pè seksyon sud Potoprens la transfere avoka e òm politik Osner Fevry nan penitasye nasyonal vandredi apre midi. Kòd penal Ayiti pini akizasyon sa yo nan atik 109, 110, 224, 226 ak nan atik 227 li.

Mèt Jean Reynold Delciné, kap travay nan kabinè avoka mesye Fevry a, di manda pou mennen akize a nan biwo polis e devan pake a pa legal ni nan fòm ni nan fon li ni li pa respekte lespri ak lèt konstitisyon ayisyen an. Sanble agiman sa a pa konvenk jij Ambroise ki te tande vandredi 22 me a depozisyon avoka mesye Fevry yo e ki deside genyen ase eleman pou kenbe prevni an nan prizon.

Lapolis te arete Osner Fevry jedi e defere li vandredi devan la jistis sou lòd komisè gouvènman an, mèt Joseph Manes Louis, apre yon plent avoka Gérard Mathurin--manm bawo avoka yo nan kapital la, Potoprens--nan non kliyan li mesye ak madan Dessalines pou yon afe tè, dapre sa yon avoka endike sou yon radyo nan kapital ayisyen an.

Arestasyon ak detansyon mèt Fevry, ki se pwofesè inivèsite e yon òm politik moun konnen byen nan peyi Dayiti ak nan milye akademik ayisyen an e etranje, soulve endiyasyon kolèg avoka li yo ki denonse desizyon an kòm yon zak "gwo ponyèt". Anpil te deplase ale nan Pake vandredi pou montre solidarite yo ak akize a. Batonye lòd avoka Potoprens-lan, mèt Gervais Charles, di jounal Le Nouvelliste ka kont mèt Osner Fevry a se yon afè sivil e non penal... e pou rezon sa lajistis te dwe libere prevni an.

XS
SM
MD
LG