Accessibility links

Breaking News

Pòtpawòl Sekretè-Jeneral L'ONU an Gen Kè-Sote Pou Degradasyon Anviwonnman an Nan Ayiti


Pòtpawòl Sekretè-Jeneral l'ONU an di Lavwadlamerik li gen kè-sote pou fason anviwonman peyi Dayiti ap degrade. Michèle Montas deklare, dapre li, nouvo emisè Ban Ki-moon chwazi pou Ayiti a, anpalan de ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton, kapab rive ede peyi a nan domèn sa a. Ayiti poko ka rekanpe sou 2 pye li jiskaprezan, apre kat siklòn ak tanpèt twopikal te sakaje Latibonit, Sid ak lòt rejyon nan ane 2008 la.

Sekretè-Jeneral la nonmen Msye Clinton ofisyèlman madi 19 me a. Reprezantan Etazini nan L'ONU an, Anbasadè Susan Rice, reyaji pozitivman apre nominasyon an. Li fè konnen Bill Clinton se yon bon chwa e Washington satisfè ak desizyon pou voye li al' travay sou dosye Ayiti a.

Michèle Montas te reponn kesyon kolaboratè nou Jn-Pierre Leroy. Ou kapab tande yon ekstrè ti kozman sa a si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG