Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Rene Preval Mande Inite Pou Endepandans Ekonomik Peyi Dayiti


Nan okazyon fèt drapo ak inivèsite a an’ Ayiti, prezidan René Garcia Préval lanse yon gwo apèl pou linite nan mitan pèp la pou peyi a kapab jwenn endepandans ekonomik li e rezoud divès pwoblèm kap sakaje popilasyon an.

Prezidan Préval, ki fè lwanj pou travay zansèt yo te fè nan vil Arcahaie, kote drapo bikolò ayisyen an te pran nesans, deklare: "depandans ekonomik mete endepandans politik la an peril ".

Nan mesaj sa a, ki sanble ak yon diskou bilan, lidè ayisyen an plede pou yon stabilite politik ki, dapre li deja sou wout, pandan li remèsye MINUSTAH (Misyon Nasyon Zuni Pou Stabilize Ayiti) ak Polis Nasyonal la pou efò yo deplwaye pou amelyore sitiasyon sekirite a.

Pandanstan, majistra vil Hinche lan, Michel-Ange Desrosiers, deklare selebrasyon sa a dewoule nan lawont akòz prezans MINUSTAH ak drapo etranje sou tè zansèt yo. Sepandan, delege deptmantal la pa wè prezans twoup Nasyonzini yo menm jan. Pou li, MINUSTAH reprezante yon fòs kap akonpaye pèp ayisyen.

Yon lòt kote, prezidan Barack Obama pibliye yon deklarasyon kote li rekonèt relasyon zanmitay ki ekziste ant Lèzetazini ak Ayiti, relasyon ki remonte depi epòk lit pou endepandans 13 koloni ameriken yo.

Nan yon deklarasyon prezidan Etazini an Barack Obama fè nan okazyon fèt drapo ayisyen an, li fè konnen Etazini ak Ayiti se 2 peyi ki gen yon lyen-sere akòz gwo istwa yo e akòz yo pataje yon amitye depi lontan. Prezidan Obma deklare: nan ane 1779, nèg lib Saint-Domingue yo (ki vinn tounen Ayiti kounye-a) te ede patriyòt ameriken yo goumen pou libète nan Savannah. Msye Obama di: nan okazyon fèt drapo ayisyen an, li santi l fyè pou l prezante meyè "voeux-li ak voeux" pèp ameriken an bay pèp ayisyen ak dyaspora ayisyèn nan, nan moman Ayiti ap selebre mwa eritage ayisyen an.

NB: Pou w' koute repòtaj sou mesaj prezidan an ak pozisyon 2 responsab nan rejyon Plato Santral la nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite a, Klike sou ralonj a dwat paj web la.

XS
SM
MD
LG