Accessibility links

Breaking News

Sri Lanka: Rebèl Tamoul yo Aksepte Defèt yo


Nan Sri Lanka, rebèl Tamoul yo admèt yo pèdi batay, apre yo fin pase yon ka syèk ap goumen pou yon patri endepandan.

Yon responsab Tamoul ki rele Selvarasa Patha-manathan, pibliye yon deklarasyon jodi dimanch la kote l’fè konnen rebèl yo deside fè zam yo fè silans, kidonk yap sispann tire, pou yo ka wete sa li rele dènye "pretèks fèb" gouvènman an ap itilize pou li touye pèp tamoul la.

Lè bri te kouri nouvèl te gaye pou di rebèl yo rann tèt yo nan Nò peyi a, pèp souvren te pran lari nan kapital la Colombo pou yo selebre. Prezidan Mahinda Rajapaksa, ki te an vwayaj nan Jòdani, retounen Sri lanka jodi a e patizan n yo te akeyi l kom yon ewo nasyonal.

Sepandan, viktwa militè sa a gen yon pri trèzelve. Dapre kalkil Nasyonzini, gen apeprè 6-mil-500 sivil ki pèdi lavi yo nan Sri Lanka, nan 4 mwa ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG