Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Janet A. Sanderson Deplore Lanmò 9 Ayisyen Ki Peri Neye Toupre Kòt Eta Florid Mèkredi Pase


Anbasadè ameriken an nan Peyi Dayiti, Janet A. Sanderson, di li pataje doulè fanmi 9 moun ki pèdi lavi yo nan nofraj yon bato ki koule mèkredi douvan jou toupre Boynton Beach, nan Eta Florid.

Madam Sanderson deklare "vwayaj sa yo ilegal e yo poze anpil danje pou pasaje yo, e li ekzòte popilasyon ayisyèn nan pa pran risk terib sa yo". Diplomat Etazini an ajoute: tout moun ki ta gen entansyon fè vwayaj danjere sa yo "pa pèdi espwa e pa abandonen peyi nou".

Anbasadè Sanderson souliyen peyi Dayiti gen anpil zanmi atravè lemond--pami yo, gouvènman ak pèp ameriken--kap kolabore regilyèman ak ayisyen pou amelyore kondisyon lavi a an' Ayiti. Reprezantan ameriken an di: "Ayiti pa kapab pèmèt li ap pèdi vi moun sa yo ki presye anpil".

Elikoptè ak bato gad-kòt Lèzetazini kontinye ap chèche 5 moun ki pa reponn alapèl dapre temwayaj reskape nofraj la.

Dapre yon kominike anbasad Etazini an pibliye jedi nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, anvan lontan Lèzetazini pral rapatriye 16 sivivan trajedi sa a ak 5 lòt kap resevwa swen nan yon lopital Eta Florid.

XS
SM
MD
LG