Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval Mande KEP a Poko Refè Eleksyon yo Nan Plato Santral


Prezidan ayisyen an, René Préval, fè konnen Konsèy Elektoral la pa ta dwe òganize eleksyon li te ranvwaye nan Plato Santral la toutotan lajistis pa idantifye responsab zak vyolans ki te gate vot 19 avril la. Detay avèk Alfred Jean ki fè n konnen lidè ayisyen an pale konsa pandan yon vizit li fè yè madi a nan vil Gonayiv.

Yon ansyen diplomat ayisyen nan Repiblik Dominikèn fè konnen gouvènman 2 peyi yo ta dwe antre nan negosaysyon prese-prese pou yo rezoud pwoblèm migrasyon ki poze antre yo. Rotchild François, Jr. ap di nou plis sou depi Pòtoprens.

Yon komisyon palmantè ki gen manm 2 chanm yo, ap reflechi sou posiblite pou yon pase-men ta fèt nan konstitisyon ayisyèn nan. Detay avèk korespondan nou Renan Toussaint.

Pou w koute repòtaj sa yo, ale sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG