Delegasyon depite Komisyon Demokrasi Kongrè ameriken an (HDAC)
pral ede palman ayisyen an mete sou pye yon Sant rechèch Lejislatif.
Palmantè ameriken yo anonse pwojè a nan moman yo tap rankontre tokay
aysiyen yo nan Pòtoprens jou ki te 11 me a.
Chèf delegasyon an, depite Mazie Hirono, fè konnen palmantè ayisyen yo bezwen bon jan enfrastrikti nan kad travay yo. Depite ameriken an di : Nou vle kolèg aysyen yo gen bon zouti nan men yo pou sèvi pèp ayisyen an.
Lejislatè ameriken yo di rankont yo te genyen avèk prezidan chanm bas la, Levaillant Louis-jeune, ak prezidan chanm sena a, Kelly Bastien, vinn ranfòse patenarya yo avèk palman ayisyen an. Pwojè Sant pou Rechèch lejislatif la pral jwenn asistans finanyè Lèzetazini.
Delegasyon an te vizite yon fabrik twal ak rad kap kreye travay nan kad lwa HOPE 2 a (yon lwa ki pèmèt fabrikan yo ekspòte atik yo Ozetazini san yo pa peye taks).
Manm delegasyon HDAC a te vizite tou twa (3) sant sante ki jwenn èd finansyè gouvènman ameriken an. Depite HDAC yo te chita-pale ak prezidan ayisyen an, René Préval, e ak premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis.
HDAC se yon gwoup pèmanan lidè kongrè ameriken an kap travay pou ranfòse enstitisyon demokratik yo nan lemond atravè dyalòg ak echanj avèk palman lòt peyi sou sijè ki gen rapò ak transparans, responsabilite ak endepandans branch lejislatif la.
Delegasyon an gen ladan depite David Dreier (Repibliken Kalifoni), depite Jim McDermott (Demokrat Washington), depite Gwen Moore (Demokrat Wisconsin) ak delege demokrat Kilili Sablan (Zile Mariannes du Nord)