Accessibility links

Breaking News

Grip A H1N1: Plis Pase 2.500 Moun Enfekte Ozetazini


Epidemi grip A (H1N1) kontinye gaye Ozetazini. Sant Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) nan Atlanta, Eta Georgie, atann ke l' detekte plis ka enfeksyon atravè peyi a kote 2.532 kretyen-vivan ap soufri ak grip la. CDC di plis ka yo ap ogmante, plis ap genyen moun "entène" lopital e petèt plis moun ka mouri nan jou ak nan semèn kap vini yo.

Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi a adopte gwo mezi pou fè fas ak pwogresyon epidemi an. Objektif mezi li pran yo se: redui pwopagasyon viris la ak gravite li, bay responsab kap founi swen sante ak responsab sante piblik yo ansanm ak popilasyon an enfòmasyon sou danje grip sa a poze pou piblik la.

Kounye a, CDC fè konnen genyen 44 Eta (Washington DC enplike tou) kote moun ap soufri ak grip A H1N1 an ki deja touye 3 kreyen-vivan Ozetazini. Dènye viktim nan se yon malad nan Eta Washington ki tap soufri ak pwoblèm kè ki mouri anba konplikasyon grip A (H1N1) an.

XS
SM
MD
LG