Accessibility links

Breaking News

Espay Toujou Numewo 1 nan Klasman FIFA a


Foutbòl/ FIFA

Pou yon 11 zyèm mwa afile Espay klase numewo 1 foutbòl mondyal dapre klasman FIFA publiye mwa sa a. Answit nou jwen Almay, la Oland, Brezil, Itali, Arjantin, Angletè, Kwasi, la Rusi ak la Frans konplete lis 10 premye yo. Etazini klase 15 zyèm epi Meksik klase 25 kyèm nan lis la. Ayiti klase 122 zyèm dèyè la Barbad ki li menm klase 120 tyèm.

Foutbòl/Ewòp

Dirijan, fanatik ak jwè foutbòl klub Angle Chelsea leve maten an ap tèt fè mal apre ekip la elimine nan semi final lig champion Eropeyen an fas a FC Barselòn. Chelsea tap men-nen 1 a 0 depi nan premye mitan gras ak yon gòl Michael Essien make nan 9 vièm minit rankont la. Andres Iniesta egalize pou Barselonè anviwon 3 minit pandan arè de je yo pou pèmèt Barca yo kalifye sou gòl diferans.

Final kap dewoule nan vil Wòm an Itali 27 Me ap mete bab pou bab chanpyon sòtan an Manchester United fas ak FC Barselòn. Messi fas a Ronaldo-yon klasik foutbòl kontinan Eropeyen an.

Ansyen vedèt foutbòl Olandè Marco Van Basten demisyone kòm antrenè Ajax Amsterda m apre li pa rive ede klub la kalifye pou tounwa Eropeyen an.

Foutbòl/ KONKAKAF

Nan match kalifikatif pou Lig chanpyon KONKAKAF la pou zòn Amerik du Nò a, Toronto FC ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Vancouver. Isit Ozetazini D.C United fè match nul 1 a 1 ak Kansas City Wizards epi Los Anjeles Galaksi fè match nul 2 a 2 kont Real Salt Lake.

An Ayiti Racing Klub Ayisyen revoke antrenè ekip la Miguel Gabriel pou move rezilta. Nap raple Gabriel te ede Racing ranpòte tit 2 zièm divizyon an. Chrismonor Thelusma ap antrene ekip la pwovizwaman. Apre 6 jounen chanpyona nasyonal la Racing klub ayisyen ranpòte 3 viktwa, 2 defèt ak yon nul pou yon total 10 pwen.

Baskètbòl/ Etazini

Kobe Bryant make 40 pwen epi Pau Gasol ajoute 22 pwen pou pèmèt Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa 111 a 98 fas a Houston Rockets. 2 ekip yo a egalite ak yon viktwa patou. Nan konferans de Lwès la Eddie House make 31 pwen pou ede Boston Celtics tronse Orlando Majik ak yon viktwa 112 a 94 pou l mete seri a ak yon viktwa patou. 2 ekip yo ap rankontre demen nan Orlando.

Siklisme / Justis

Siklis espayòl Alejandro Valverde asiyen komite Olenpik Italyen an pou tantativ yo fè pou entèdi l patisipe nan oken konpetisyon pou dopaj. Komite Olenpik Italyen an di Valverde te teste pozitif pou uzaj anabolizan epi msye ta enplike nan eskandal Operasyon pwodui dopan sangen an Espay.

Tennis

Jwè tenis Kwat Marin Cilic kalifye pou kar de final tounwa tenis Open BMW a kap dewoule nan vil Munik an Almay apre li kale alman Philipp Kohlschreiber 6-0, 6-4.Yon tounwa chofe jarèt enpòtan pou jwè tenis ki pral patisipe nan tounwa Roland Garos la kap jwe mwa sa a.

Nan lòt rankont franse Paul-Henry Mathieu kalifye apre li elimine alman Denis Gremelmayr 6-1, 6-4. Paul Henri Mathieu pral rankontre nan kar de final la Rus Mikhail Youzny ki suprann espayòl Nicolas Almagro 7-6, 6-4. Yon lòt supriz nan tounwa a se franse Jeremy Chardy ki kapote alman Nicolas Kiefer 6-4, 7-6 pou l pase nan kar de final tounwa a.

XS
SM
MD
LG