Ayiti: Yon pwopozisyon-lwa sou ogmantasyon salè minimum nan ki devan Palman an, finalman jwenn apwobasyon tou lè 2 chanm yo. Sepandan poko ka gen yon antant jiskaprezan sou yon sèl dokiman pou bidjè Repiblik la, dapre yon korespondans Rotchild François Jr., depi Pòtoprens.
Yon lòt kote, nan vil Okay, nan Sid Ayiti, biwo rejyonal Depatman Edikasyon Nasyonal la te fèmen mèkredi 6 me a akoz yon aksyon pwofesè k'ap pwoteste pou reklame lajan leta dwe yo depi plizyè mwa. Korespondan nou nan rejyon an se Jn-Hernst Eliscar.
Pou w ka koute repòtaj sa yo, nèk tcheke ralonj ki anwo, adwat paj la.