Accessibility links

Breaking News

Yon Klub Foutbòl Ayisyen Pami Elit Karayib la


Foutbòl/ KONKAKAF

Semi final eliminatwa lig chanpyon konkakaf la pou zòn Karayib ap demare nan Trinidad and Tobago soti 15 pou rive 17 Me. Nan tiraj osò a ki dewoule yè Lendi a nan katye jeneral KONKAKAF la nan New York Tampèt de Sen Mak ap rankontre Puerto Riko Islanders epi W Connection kont Jablothe( 2 klub Trinidadyen).

3 premye yo ap reprezante Karayib la nan lig chanpyon KONKAKAF la pou sezon 2009 la.

Seleksyon foutbòl Jamayik la gen pou rankontre Ayiti nan Lockhart Stadium nan Fort Lauderdale eta Florid 23 Me kap vini la a. Premye fwa Ayiti te rankontre Jamayik se te an 1925. An plis de Ayiti Reggae Boyz yo gen pou rankontre Salvador 30 Me nan Stad Robert F Kennedy a nan Washington DC epi Panama le 7 Jwen nan kad preparatif pou koup dò KONKAKAF la kap dewoule Ozetazini.

Jamayik trouve l nan group A a ak Salvador, Kanada ak Kosta Rika. Nan group B a nou jwen Ayiti, Etazini, la Grenad ak Onduras. Group C a gen ladann Panama, Gwadeloup, Meksik ak Nikaragwa.

Foutbòl/ Eròp

Manchester United pral chache yon plas nan final lig chanpyon Eropeyen an lè lap rankontre rival li nan lig foutbòl angle a Arsenal. Manchester United te ranpòte match ale a 1 a 0. Demen Mèkredi a FC Barselòn pral chache yon viktwa pou l kalifye pou final konpetisyon an kap dewoule nan vil Wòm 27 Me kap vini la a. Pou sa fèt ekip Barselòn nan ki sot tronse Real Madrid 6 a 2 Samdi, dwe kale Chelsea. Nan match ale a Chelsea te fè match nul a 0 a 0 lakay Barselòn.

Baskètbòl/ Etazini

Lebron James resevwa pri pibon pami pibon jwè pou sezon NBA a apre li ede Cleveland Cavaliers ranpòte 66 viktwa e sibi sèlman 16 defèt.

Yao Ming make 28 pwen epi trape balon an 10 fwa pou ede Houston Rockets suprann Los Anjeles Lakers ak yon viktwa 100 a 92 nan ouvètu seri 7 match ant 2 ekip yo. Rockets yo ap rankontre Lakers yo demen Mèkredi a toujou nan Los Anjeles. Nan zòn Lès la Orlando Majik te fè anpil efò avan li kale Boston Celtics 95 a 90 gras ak Dwight Howard ki trape balon an 22 fwa epi make 16 pwen. 2 ekip yo ap rankontre demen Mèkredi a nan Boston.

Siklis/ Armstrong

Sikis ameriken Lance Armstrong ak konpatriòt li Levi Lepheimer ap nan tèt ekip bisiklèt Astana a lè tour dItali a ap kòmanse nan Veniz Samdi kap vini la a. Ekip Astana a nonmen 7 siklis entènasyonal tankou ansyen ko-ekipye Armstrong nan ekip Discovery Channel la espayòl Jose Luis Rubiera ak Ukrenyen Yaroslav Popovych.

Tennis/ Azi

Nan Yokohama, O Japon La Chin ranpòte pou yon 3 zièm fwa yon meday dò nan chanpyona du mond tenis de tab ki tap dewoule chak 2 zan. Chinwa yo ranpòte ni kategori maskilnen ni kategori feminen senp ak doub. Kore du Sud konsole l ak meday de bronz nan kategori doub feminen pandan ke Japon ranpòte meday bronz nan kategori doub maskilen.

XS
SM
MD
LG