Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Rankontre Lidè Pakistan an Sou Dosye Zam Nikleyè yo


La Mezon Blanch fè konnen prezidan Barack Obama pral soulve enkyetid li genyen konsènan pwopagasyon zam nikleyè yo nan yon chita tande semèn sa a ak lidè Pakistan e Afghanistan an. Pòtpawòl prezidansyèl Robert Gibbs deklare lendi sekirite lasnal zam nikleyè Pakistan ak sekirite materyo nikleyè yo nan le mond, se pi gwo priyorite administrasyon Obama a.

Minis defans Etazini an, Robert Gates, dwe fè nan semèn nan yon vizit nan vil Kèr, kapital peyi Ejipt, nan kad yon virewon kap mennen l' tou nan Arabi Saoudit.

Objektif misyon sa a, se bay 2 alye yo garanti ke ouvèti Washington ap fè nan direksyon Iran an pa pral afekte relasyon li genyen depi lontan ak eta arab yo. Pandan Robert Gates tap pale ak jounalis yo abò avyon li, li di li espere nenpòt ouvèti ak Teheran va ogmante sekirite atravè rejyon an, e pa sèlman sekirite pou Lèzetazini.

Prezidan izrayelyen an, Shimon Peres, pa kache enkyetid li devan anbisyon nikleyè Iran an. Mesye fè konnen aktivite nikleyè Iran yo reprezante yon menas pou Lèzétazuni, Lewòp osi byen pou Izrayèl. Chèf deta izrayelyn an fè kòmantè sa yo nan konvansyon anyèl komite afè piblik izrayelo-ameriken an (AIPAC ki dewoule lendi 4 me a isit Washington.

Lidè izrayelyen an di Teheran envesti gwo lajan nan devlopman misil long pòte, malgre li pa anba menas okenn nasyon ennmi. Mwa pase a, prezidan Peres te di peyi li a byen kapab lanse yon ofansiv militè kont enstalasyon nukleyè iranyen yo, si efò kominote entènasyonal la ap deplwaye pou mete yon fren nan aktivite nikleyè Teheran yo pa pote rezilta pozitif. Mesye Peres te vinn chanje lide apre sa, e li di pa genyen yon solisyon militè pou kesyon an.

XS
SM
MD
LG