Accessibility links

Breaking News

OMS Deklare Viris A (H1N1) Grip Pòsin nan Kontinye Ap Gaye


Viris A/H1N1 ki bay maladi grip pòsin nan kontinue ap simaye atravè lemond. Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) rapòte yon ogmantasyon 75 pousan nan ka maladi ki konfime nan lemond antye, konpare ak kantite yo te resanse mèkredi 29 avril l la. Selon OMS gen 615 ka konfime nan 17 peyi, e otorite OMS yo atann aske òganizasyon mete nivo alèt pandemi an a 6.

Men espesyalis yo di grip A/H1N1 an fè yon ralanti nan Meksik peyi kote li te premye parèt la. Le fèt OMS, ki gen katye jeneral li nan vil Jenèv--an Suisse--ap anvizaje ogmante nivo alèt kont grip pòsin nan, sa vle di li posib pou yon pandemi eklate nan lemond. Keiji Fukuda se asistan-direktè-jeneral OMS. Responsab la panse. Li di: " Epidemyolojikman palan, pa genyen anyen ki ta fè kwè nou pral pase nan faz 6 la".

Yon lòt kote, otorite meksikèn yo konfime 300 moun ap soufri ak viris A/H1N1 an. Lekòl, sektè komèsyal la ak sèvis piblik ki pa esansyèl yo, fèmen sou tout tèritwa meksiken an pou 5 jou depi pati premye me a.

Bò kote Komisyon Ewopeyèn nan (branch sante piblik), Doktè Angus Nicoll, youn nan responsab sante ewopeyen pou prevansyon maladi, te deklare vandredi (nan moman li tap ap pale a) "pèsonn pa konnen si viris la pral koze plis dega nan mwa kap vini la yo".
Se yon bagay ki toutafè posib, lè w devan yon viris ki bay grip--yon viris grip ki ba nou yon pandemi kap vinn pimal chak jou. Sa n' ka fè, se ret gade e ret tann pou n wè".

Isit o Zetazini, chak ane, plizyè dizèn milyon ameriken pran vaksen kont grip. Sepandan, grip kap vale teren jounen jodiya, se yon nouvo tip maladi ki pa egzante lòm, paske poko gen vaksen pou li.


XS
SM
MD
LG