Prezidan ameriken an, Barack Obama, make 100 premye jou li sou pouvwa yè mèkredi a, avèk yon seri de apèl li lanse pou l mande diferan sektè nan vi nasyonal la o Zetazini pote apui yo bay politik gouvènman n nan. Misye Obama lanse apèl sa yo nan 3èm. konferans pou laprès li bay depi li te monte sou pouwva nan dat 20 janvye 2009 la. Lidè ameriken an di -nap site : «Mwen fyè de sa nou reyalize, men mwen pa kontan. Mwen renmen pwogrè nou fè yo, men mwen pa satisfè."
Nan konferans pou laprès la, Prezidan Obama di youn nan pi gwo sipriz li depi l te monte sou pouvwa a, se gwo kantite pwoblèm gouvènman n nan vin gen devan n tou denkou e ki parèt an menm tan. Pa egzanp, obligasyon adminitrasyon an genyen pou l fè fas ak fenomèn grip pòsin nan. Prezidan an pale pou l di : "Nou pral kontinye swiv de prè evolisyon viris H1N1 ki bay grip la, nap kontinye swiv li a trè tout Lèzetazini."
Misye Obama pale klè pou l di li pa genyen okenn plan pou l ta fèmen fwontyè Lèzetazini ak Meksikla. Daprè li, si fenomèn grip pòsin nan bay rezon vrèman pou moun gen kè-sote, li pa bay rezon pou moun panike.
« Sa k esansyèl la kounyela a », daprè lidè ameriken an, « se pou n asire nou ke nap pran dispozisyon pou n rete vijian. »
Sou plan politik entènasyonal la, misye Obama pale de sitiyasyon an nan peyi Pakistan ; li fè konnen gouvènman ki nan Islamabad la, se yon gouvènman frajil, men li gen konfyans ke asnal nikleyè peyi a pral kontinye gen sekirite ki nesesè pou l pa tonbe anba men teworis.
« Mwen panse sa paske, tou dabò e sitou lame peyi Pakistan an byen konnen ki danje ki genyen si zam sa yo ta tonbe nan men moun pou yo pa tonbe. »
Daklarasyon Prezidan Obama ki pale tou de monte vyolans moun konstate depi kèk jou deja nan Irak. Men, li ensiste pou l di plan li genyen pou l wete sòlda ameriken yo nan peyi sa a, pa chanje.
Si w ta renmen koute yon vèsyon odyo repòtaj sa a e plis ke sa toujou, klike sou lyen ki anlè a, adwat.
Jdesmara@voanews.com