Accessibility links

Breaking News

100 Premye Jou Barack Obama sou Pouvwa a / Kèk Reyalizasyon Nouvo Gouvènman Ameriken an.


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap make 100 premye jou li sou pouvwa a jodi mèkredi 29 avril la avèk, antwòt, 2 evenman enpòtan kote otorite yo pral mete yon aksan espesyal sou sa nouvo gouvènman Lèzetazini an reyalize jiskaprezan. Dabò misye Obama ap fè yon rankont anba tonèl nan vil Saint Louis, Eta Missouri, kote li pral pale de pwogram ki nan inisyativ administrasyon n nan lanse pou l fè fas ak kriz ekonomik la; se konsa tou lidè ameriken an gen pou l abòde efò gouvènman an ap fè pou l pote bon jan refòm nan sistèm swen sante a ak lòt kesyon enpòtan. Pi ta nan jounen an (se 2èm gwo evennman an kap make selebrasyon 100 premye jou yo), prezidan an ap retounen nan la Mezon Blanch kote li pral bay yon konferans pou laprès e radyo ak televizyon pral difize konferans sa a a travè tout peyi a.

Apèn Misye Obama te monte sou pouvwa a le 20 janvye 2009, li te anonse yon kalandriye travay chaje anbisyon. Premye prezidan nwa-ameriken an te lanse yon pwogram 785 milya dola pou ranfòse ekonomi amerikèn nan ak yon seri de lòt inisyativ pou bay sistèm finansye a ak endistri otomobil la jarèt. Sou plan sekirite nasyonal la ak afè etranjè, prezidan an pase lòd pou otorite yo fèmen prizon kote yo mete teworis sou baz naval Gwantanamo a, nan Kiba, epi li chanje apwòch Lèzetazini nan lagè Irak la ak konfli Afganistan an. Msye Obama pran dispozisyon tou pou l chanje imaj Lèzetazini a letranje avèk yon re-oryantasyon politik entènasyonal peyi a ki, pou anpil obsèvatè, reprezante yon veritab revolisyon kote, pa egzanp, li fè ouvèti sou mond mizilman an, sou Kiba, Iran, Kore di Nò ak Venezwela.

Prezidan Obama ap make 100 premye jou li sou pouvwa a ak yon kòt popilarite ki, an mwayèn, depase 60 pou 100. Byen bonè maten an, nan kad aktivite prezidan an pou jounen an, li rankontre nan Mezon Blanch la ak Senatè Pennsilvani, Arlen Specter, ki pran desizyon yè madi a pou l kite Pati Repibliken an e pase nan kan demokrat la.

Pandan misye Obama ap make 100 premye jou li sou pouvwa a, gen yon lòt gwo defi ki pwente devan n san zatann: se grip pòsin nan ki deja touye plis pase 150 moun o Meksik e ki kòmanse menase popilasyon an o Zetazini ak lòt kote sou planèt la.


Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG