Accessibility links

Breaking News

Tout Lekòl Fèmen Nan Meksik Akoz Viris Grip pòsin Nan Gaye Nan Peyi-a


Gouvènman meksiken an eksprime enpuisans li devan pwopagasyon viris ki bay grip pòsin nan ---viris ki déjà enfekte 1600 moun anviwon O Meksik. Otorite yo avwe yo pa ka kontwole viris la. Sepandan responsab lasante meksiken yo presize yap pran tout dipozisyon pou pote sekou e trete moun ki devlope maladi a. Men sèten meksiken eksprime mekontantman yo devan mezu otorite yo pran---mezi yo estime ki pa "adekwa" dapre yo. Ann' atandan, Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ogmante degre "alèt pandemi" an ki sòt nan nivo 3 (sou yon echèl ki gradye de 1 a 6) pou rive nan nivo 4.

jbeliz@voanews.com

XS
SM
MD
LG