Accessibility links

Breaking News

Bank Devlopman Yo Pwomèt Peyi Amerik Latin Ak Karayib Yo 90 Milya Dola


Lidè bank miltilateral devlopman yo pran angajman pou bay peyi Amerik latin ak Karayb yo plis asistans pou ede yo fè fas a enpak kriz finansyè mondyal la. Nan sans sa a, Bank Mondyal ak 4 bank rejyonal dakò pou yo bay kontribisyon yo nan yon anvlòp 90 milya dola pou 2 lane kap vini yo. Dirijan 5 enstitisyon bankè yo anonse nouvèl la nan reyinion Prentan Bank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal FMI ki sot dewoule soti 24 rive 26 avril nan Washington DC. Asistans sa a pral pèmèt peyi Amerik Latin ak Karayib yo koòdone inisyativ yo pral pran pou stimile kwasans ekonomik lakay yo.

Gwoup Bank Mondyal la, Bank Entè amerikèn devlopman BID, Bank Karayibeyèn Devlopman CDB, Sosyete Andin pou Devlopman CAF, ak Bank Entegrasyon Ekonomik Amerik Santral la CABEI ap travay ansanm pou idantifye yon kooperasyon, ki pral pèmèt yo eksplore opòtinite tou nèf, kreye yon enpak kolektif pou ede peyi ki nan emisfè oksidantal la pwoteje pwogrè ekonomik ak sosyal yo fè pandan 5 dènye ane yo.

BID ap kontribye pou 29.5 milya dola. Bank mondyal bò kote pal prevwa yon kontribisyon 35.6 milya. CAF pwomèt 20 milya dola. BCIE ap mete 4.2 milya. E CDB ap ajoute 500 milyon dola.

Prezidan Gwoup Bank mondyal la, Robert Zoellick, deklare: "Peyi Amerik Latin ak Karayib yo akonpli anpil pwogrè ekonomik ak sosyal pandan 5 dènyè ane yo. Nou deside pou yo pa pèdi pwogrè sa yo akoz chòk ekstèn kriz ekonomik mondyal la." Mesye Zoellick ajoute kooperasyon etwat ki ekziste ant Bank Mondyal ak Bank rejyonal miltilateral yo ba l' anpil kontantman. Mesye Zoellick fini pa di: "Mwen pran angajman pou m' sèvi ak platfòm travay tèt ansanm sa a pou m' mete yon baz tou nèf pou redresman ekonomik nan rejyon an."

Reyinyon Prentan Bank Mondyal ak Fon Monetè yo reyini minis finans tout peyi devlope yo ak sila ki an vwad devlopman yo chak ane nan kapital amerikèn nan

XS
SM
MD
LG