Apre modifikasyon li pote nan bidjè ekzèsis fiskal 2008-09 la, Chanm Sena a vote dokiman an ki pral pèmèt gouvènman ayisyen an fè fas ak obligasyon li pou rès mwa kap vini yo. Li pran Palman an (2 chanm yo ansanm) 7 mwa pou yo vini ak bidjè final la. Men nan pwen anyen ki di li pa pral sibi ankò kèk ti modifikasyon paske Sena a dwe retounen tèks la bay Chanm Depite pou yon dènye kout-je.
Nenel Cassy, prezidan Komite Finans Sena a ekzòte kòlèg palmantè li yo kore modifikasyon Gran Kò a fè nan dokiman an pou gouvènman an ka pibliye l' nan jounal repiblik la, Le Moniteur, yon fason pou l' gen fòs yon lwa (loi).
Toujou sou plan finans, peyi Amerik latin ak Karayib la pral genyen yon fon 90 milya dola pou ede yo fè fas ak kriz finansye mondyal la. Fon sa a se kontribisyon 2 enstitisyon: Bank Entè-Ameriken Devlopman ak Bank Mondyal.
Sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, ki konfime nouvè la di kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy "resous sa yo enpòtan anpil pou peyi nan rejyon an.
Ale sou ralonj ki mache ak atik sa a, adwat paj wèb la, pou devlopman lòt nouvèl ki nan aktyalite a