Accessibility links

Breaking News

Yon Kout Je sou Aktyalite Spòtif la


Baskètbòl/ Etazini

Utah Jazz fren-nen Los Anjeles Lakers ak yon viktwa supriz 88 a 86 nan 3 zièm rankont faz final NBA a. Kobe Bryant rate yon 3 pwen nan fen tan reglemantè a ki te kapab pèmèt Lakers yo ranpòte la viktwa. Seri a 2 a 1 an favè Lakers yo. 2 ekip yo ap rankontre demen Samdi a nan Salt Lake Citi. Nan lòt ki jwe nan konferans de Lwès la Dallas Marverics toupizi San Antonio Spurs 88 a 67 gras ak alman Dirk Nowitzki ki make 20 pwen.

San Antonio toujou ap domine seri ak 2 viktwa kont 1 defèt. 4 trièèm rankont la fikse pou Samdi nan Dallas. Nan konferans de Lès la Boston Celtics tronse Chikago Bulls 107 a 86 pou l mete seri 7 match la ak 2 viktwa kont 1 defèt an favè Celtics yo. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch pou 4 trièm rankont seri 7 match la.

Yon lòt kote responsab Sakramento Kings yo revoke antrenè Kenny Nat ansanm ak 4 lòt asistan apre ekip la fini ak yon move dosye 17 viktwa 65 defèt. Ater Majok yon sitwayen Ostralyen ki te pran nesans nan Soudan e ki mezure 2 mèt 9 di li disponib pou l patisipe nan tiraj osò NBA a si l satisfè tout kondisyon yo.

Foutbòl/KONKAKAF-U-17

Ondiras danse sou Kiba 6 a 0 nan eliminatwa koup du mond U-17 la kap dewoule o Meksik. Nan lòt rankont Etazini pilon-nen Kanada 4 a 2. Aswè a Costa Rika ap rankontre Trinidad and Tobago epi Meksik kont Gwatemala .

Jodi a an Ayiti Kavali de Legane ap rekont Connection. Connection te ranpòte match ale a 3 a 1.

Tennis/ Barselòn

Numewo 1 tenis mondyal maskulen espayòl Rafael Nadal kalifye pou semi final tounwa tenis Barselòn nan apre bèlj Christophe Rochus abandone match kar de final la pandan 2 zièm manch la. Nadal ap chache yon 5 kién tit nan tounwa a avan li mete tèt pou Pari kote li pral patisipe nan tounwa Roland Garos li ranpòte 4 fwa.

XS
SM
MD
LG