Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, Sena Repiblik la Vote Bidjè Modifye Ane Fiskal 2008-2009 la Avèk 13 Vwa "Pou" E 2 Abstansyon


Ann Ayiti, Sena d la Repiblik la vote byen ta, jedi 23 avril 2009 la, pou l apwouve bibjè modifye peyi a pou ane fiskal 2008-2009 la, ki se yon montan 80 milya Goud, daprè Prezidan Sena a, Dr. Kelly Bastien. Dokiman an, ki te deja pase nan Chanm Bas la sa genyen kèk jou, jwenn nan Gran Kò a 13 vwa "pou" avèk 2 abstansyon (Senatè Edmonde Supplice Beauzil -- FUSION- ak Joseph Pierre-Louis --OPL), tandiske Prezidan Sena a, Doktè Bastien, pat gen pou vote. Minis Ekonomi ak Finans la, Daniel Dorsainville, ki te asiste seyans la, anonse gouvènman an pral soumèt bibjè 2009-2010 la devan palman an nan dat lalwa prevwa a, sètadi yon jou nan mwa jen pwochen an, pou evite sa li rele "erè ki te fèt nan le pase."

XS
SM
MD
LG