Accessibility links

Breaking News

Benefis Somè Amerik yo pou CARICOM


Peyi CARIMOM yo nan Somè Amerik yo

Somè Amerik ak Karayib nan Trinidad and Tobago se te yon moman pou Mache Komen zòn fè yon blòk pou diskite pwoblèm ki afekte rejyon an. Nan rankont bilateral, rankont « youn a youn » puisans ekonomik e politik emisfè a te sèvi pou dirijan nasyon kap chèche èd-yo lanse apèl anfavè plis asistans swa nan nivo endividyèl ou byen nan nivo rejyonal.

Pwochen lidè CARICOM nan, prezidan Gayana a, Bharrat Jagdeo anonse lidè peyi manm-yo resevwa envitasyon pou vinn Washington pou vinn rankontre ak administrasyon ameriken an e ak Kongrè a pou diskite yon seri kesyon ki enpòtan pou rejyon an. 2 kesyon enpòtan dapre msye Jagdeo ke yo dwe debat se wè administrasyon ameriken mete sou pye yon mekanism kap ede peyi ki pa manb Bank Entèameriken Devlopman an benefisye lajan pou ede peyi kriz ekonomik mondyal la pi afekte nan emisfè a. Peyi Karayib yo plenyen deske yo pran an « sandwich » ant peyi pwodiktè dròg ak peyi konsomatè yo.

Lòt sijè-a se konvenk gouvènman ameriken an revize lis peyi nan rejyon an li konsidere ki enplike nan trafik moun. Delegasyon Karibeyen an pral genyen tou pou l diskite ak responsab yon komite nan Kongrè a sou Inisyativ Basen Karayib la---yon pwojè Etazini mete sou pye e ki bay lòt peyi nan Karayib-la avantaj komèsyal. Plizyè manb kongrè ameriken an te sou plas pou rankontre ak plizyè lidè nan emisfè a.

Lidè peyi pòv yo, tankou prezidan ayisyen an, Rene Preval, te prezante yon seri de pwojè bay kèk patisipan tankou Premye Minis Kanada a, Stephen Harper, pou reklame asistans ki va ede yo rezoud pwoblèm peyi yo ap konfwonte. Premye Minis Harper di peyi l pare pou l ede Ayiti. Òganizasyon Panameriken pou Devlopman-an te sikile yon dokiman pami patisipan somè-a ki vize fe pwomosyon pou yon pwogram anfavè nasyon karibeyen-an ki rele: Bati Ayiti soti nan baz pou rive nan tèt li . Yon pati nan lajan peyi donatè yo pwomèt pou bay Ayiti pandan rankont Washington nan pral sèvi pou egzekute pwogram pou bati Ayiti a. Plan sa a vize travay ak diferan kominote nan peyi-a pou reyalize pwojè ki nesesè yo an konsiltasyon ak gouvènman an.

Premye Minis Trinidad and Tobago a, Patrick Manning, te pwofite rasanbleman an nan fen somè a pou l mande peyi rich nan emisfè a ede Ayiti kap travèse yon sitiyasyon malouk jounen jodi a. Malgre dosye nasyon Karayib la pat figire sou kalandriye diskisyon yo pa anpeche mesye Manning rekonèt tan an pat pèmèt yo panche sou dosye Ayiti. Men li pwomèt yo pap bliye repiblik ayisyen an nan pwochen asanble jeneral OEA nan San Pedro Sula-a, Onduras. Se nan reyunyon sa a nou pral konnen ki peyi ki pral akeyi pwochen somè Amerik yo. Kolonbi, Panama ak Paragwe kandida pou akeyi evenman an.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki moon te pran la pawòl nan some-a , kote li mande pou peyi rich nan rejyon an apiye nasyon vwazen yo, dekwa pou redui ekar konsiderab ki egziste ant 2 kan yo.

Somè Trinidad and Tobago a te ofri yon platfòm pou diskite kesyon tankou trafik dròg ak povrete malgre yo pat fè pati tè m santral somè a.

Jean Robert Philippe

jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG